Office for Family Engagement and Advocacy (OFEA)
Chanselye a kreye OFEA 1ye Jiyè 2007 pou transfòme fason Depatman Edikasyon Department of Education (DOE) sèvi preske 1 milyon fanmi lekòl leta nan vil Nouyòk. Anba lidèchip fonksyonè anchèf pou angajman fanmi an, Martine Guerrier, OFEA inifye estrikti Depatman an kote fanmi jwenn plis konsiderasyon epi li kreye yon kad pou asire ke yo tande vwa paran an.
OFEA genyen yon ekip sipò paran devwe ki etann nan chak minisipalite, chak distri lekòl ak chak lekòl nan vil Nouyòk. OFEA se pwen kontak pou fanmi ak paran lidè ki gen enkyetid sou lekòl yo, epi li sipòte tou asosyasyon lidèchip paran ki nan distri yo nan vil la ak nan distri yo
Biwo a bay tou sèvis tradiksyon avèk entèpretasyon nan telefòn pou lekòl yo ak biwo DOE yo, epi li fòme koòdonatè paran pou fè chak lekòl yon plas kote paran santi yo byen akeyi yo, yo ede yo epi kote yo respekte yo kòm patnè nan edikasyon.
Sipò pou fanmi yo
Fason pou vin yon Paran Lidè
PWOSEDI POU PARAN POTE PLENT AK POU REZOUD KONFLI NAN DEPATMAN EDIKASYON VIL NOUYÒK
Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.