Haitian Creole

Nòm ak Kourikoulòm akademik

Arts

 

Se yon objektif Depatman Edikasyon vil Nouyòk pou ofri tout elèv lekòl leta yon bon kalite edikasyon nan arts. Elèv yo dwe jwenn opòtinite pou dekouvri disiplin, plezi ki pa janm fini ak mèvèy nan dans, mizik, teyat, ak arts vizyèl. Elèv yo ap konekte tou avèk òganizasyon atistik ki ekspoze ak reyalize arts, ki ofri etid avanse, epi ki kreye anpil djòb ki disponib nan endistri ki asosye ak arts nan vil Nouyòk.

 

Biwo Arts ak Pwojè espesyal Office of Arts and Special Projects (OASP) sipòte edikasyon nan arts atravè devlopman korikolòm, resous pou lidè  lekòl ak fòmasyon pou pwofesè dans, mizik, teyat ak arts vizyèl.  OASP ansanm avèk patnè li yo ki nan kominote kiltirèl la, devlope Pwojè pou ansèyman ak aprantisaj nan arts, pou klas pre-matènèl rive nan klas 12yèm ane (disponib nan lang Angle sèlman). Pwojè a prezante sa elèv yo ta dwe konnen ak sa yo ta dwe anmezi pou fè nan arts nan nivo klas referans yo. 

 

Rapò anyèl sou arts nan lekòl la pou ane 2007/08 la disponib nan lang Angle sou sit lekòl ou.  Rapò sa a vini ansanm avèk yon modèl ki tradui.  

 

Lang e literati angle English Language Arts (ELA)

 

Eleman enpòtan enstwiksyon nan Lang e literati angle se lekti, redaksyon, kapasite pou koute ak kapasite pou pale.  Se objektif lekòl leta vil la pou chak elèv aprann li ak ekri byen, yon fason kritik, epi avèk yon konpreyansyon ekselan. Elèv yo dwe aprann koute tou yon fason atantif ak kominike lide yo lè y ap pale.  Yo anseye tout elèv yo aptitid enpòtan nan lekti, redaksyon, kapasite pou koute ak kapasite pou pale avèk divès kalite apwòch ansèyman ak diferan kalite liv ak enpresyon.

 

Egzèsis fizik ak sante

 

Siksè elèv yo depannde yon melanj aptitid akademik, bon sante, ak kondisyon fizik ak mantal. Rechèch kontinye montre laj timoun piti se yon peryòd enpòtan nan devlopman mòdvi aktif ki bon pou sante, epi adolesans se yon moman enpòtan pou evite konpòtman riske ak pou ankouraje desizyon ak abitid ki bon pou sante epi ki genyen efè pandan lontan.  Lekòl vil Nouyòk yo ofri anpil kalite enstwiksyon nan egzèsis fizik ak sante pandan jounen lekòl la, ansanm avèk aktivite anvan ak apre lekòl, pou ede timoun yo devlope konesans, atitid, aptitid, ak konpòtman ki mennen nan byennèt fizik, mantal, emosyonèl ak sosyal pandan lontan. 

 

Pwogram edikasyon nan egzèsis fizik ak edikasyon fizik konsantre sou yon korikoulòm edikasyon nan egzèsis fizik ki asosye ak sante ; antre NYC FITNESSGRAM, yon zouti evalyasyon ofisyèl sou egzèsis fizik; ak yon pwogram aktivite fizik pou adolesan, C.H.A.M.P.S. Pwogram espò ak egzèsis fizik nan lekòl pre-segondè.  Tout timoun ki nan lekòl vil Nouyòk resevwa tou yon edikasyon konplè sou sante, depi nan lekòl primè epi pou kontinye jiska lekòl segondè. Korikoulòm sou sante a genyen ladan leson ki apwopriye pou laj sou prevansyon chòk; sante mantal ak sante emosyonèl; nitrisyon; tabak, alkòl ak lòt dwòg; sante ak sesksyalite fanmi; epi sante pèsonèl ak sante konsomatè.

 

Sèvis Bibliyotèk

 

Pwogram bibliyotèk lekòl la envite timoun ak jenn adilt yo pou yo fè lekti pou plezi, fè rechèch sou nouvo lide, epitou itilize liv ak òdinatè pou jwenn enfòmasyon pou ede yo fè siksè sou plan akademik.  Bibliyotekè lekòl la ankouraje moun renmen lekti epitou yo anseye konessans elèv yo bezwen pou yo jwenn enfòmasyon, li enfòmasyon yo, epi fè sans avèk enfòmasyon yo.

 

Paran yo kapab mande bibliyotekè lekòl la pou ede yo dekouvri bon jan liv pou pitit yo pou yo li nan tout nivo lekti, nan kèk lang ki diferan ak lang Angle, epitou sou anpil sijè.  Paran yo kapab pale tou avèk bibliyotekè a pou jwenn konsèy sou fason pou ede pwoteje pitit yo ak jenn adilt kont danje lè y ap itilize entènèt.  Nou envite paran yo pou yo gade yon gid alfabetizasyon pou fanmi, Opening the Door to Learning (Louvri pòt pou aprantisaj) : Literacy is a Family Affair (Alfabetizasyon se  afè tout  fanmi an), pou jwenn lis liv ak lide yo rekòmande pou sipòte alfabetizasyon pitit yo nan tout laj (klas matènèl rive nan klas 12yèm ane).

 

Matematik

 

Korikoulòm matematik vil Nouyòk baze sou  Korikoulòm debaz Leta Nouyòk nan Matematik. Enstwiksyon nan matematik ta dwe bay elèv yo opòtinite pou fè rechèch sou aplikasyon ki reyèl. Apwòch ekilibre vil la nan matematik konsantre sou kontni, pwosesis ak aptitid elèv yo bezwen pou rezone, rezoud pwoblèm, epi panse yon fason kritik. Elèv yo angaje nan solisyon pwoblèm, aptitid debaz pratik, panse yon fason kritik, epi rezone pandan y ap aprann nouvo kontni, vin kiltive nan matematik epitou devlope atitid pozitif nan matematik. Elèv yo aprann kominike panse yo, itilize langaj matematik apwopriye pou montre yo konprann kontni matematik, pwosedi ak aptitid. 

 

Depi mwa Septanm 2003, lekòl vil Nouyòk yo mete an pratik yon korikoulòm debaz onivo vil la nan matematik pou klas matènèl rive nan klas 10yèm ane sou nòm Leta Nouyòk.  Lekòl primè yo mete an pratik Everyday Mathematics epi lekòl pre-segondè mete an pratik Impact Mathematics. Toulède pwogram Fondasyon Nasyonal Syans ofri yon korikoulòm avanse ki anseye pi plis pase sa ki obligatwa nan chak nivo klas.  Nan lekòl pre-segondè yo, elèv vil Nouyòk yo pase yon ane nan Aljèb nan fen klas uityèm ane. Lekòl segondè yo mete an pratik Prentice Hall Integrated Algebra pou elèv klas 9yèm ane ak elèv klas 8yèm ane akselere. 

 

Syans

 

Korikolòm syans vil Nouyòk baze sou Korikolòm debaz Leta Nouyòk nan syans Enstwiksyon nan syans ofri elèv yo opòtinite pou kominike dirèkteman avèk monn natirèl la, epitou sa ba yo aptitid ak langaj yo bezwen pou eksplike monn ki nan antouraj yo. Apwòch vil la konsantre sou yon apwòch pratik, ki baze sou rechèch pou aprann, pou pèmèt elèv yo pratike aptitid pou rezoud pwoblèm, devlope atitid syantifik pozitif, aprann nouvo bagay nan syans, epi ogmante enstwiksyon syantifik yo. Elèv yo ta dwe aprann kominike panse yo, itilize langaj syantifik apwopriye, epi montre yo konprann pwosedi pou aprann syans ak pwosesis yo.


Depatman Edikasyon vil Nouyòk nan mitan yon pwojè enteresan pou sipòte edikasyon avanse nan syans nan lekòl nou yo. Yon eleman kle nan sa se Inisyativ Korikolòm debaz Syans Chanselye a ki koute 60 milyon dola pou elèv klas matènèl rive nan klas 8yèm ane, ke y ap mete an pratik pou twazan. Klas 3yèm ane, 4yèm ane ak 6yèm ane te kòmanse itilize nouvo dokiman an Septanm 2007; Klas 5yèm ane, 7yèm ane ak 8yèm ane ap kòmanse an Septanm 2008; epi klas matènèl, 1ye ane ak 2yèm ane gen anpil chans pou kòmanse an Septanm 2009. Pou sipòte syans nan lekòl segondè, genyen yon efò anpil milyon dola yo pral bay pou amelyore kalite ak kantite lokal laboratwa syans nan plizyè lekòl ki toupatou nan vil la. 

 

Syans sosyal

 

Syans sosyal se etid istwa, jeyografi, ekonomi, gouvènman ak enstwiksyon sivik.  Se etid moun ak evènman tou ki te fòme monn lan.  Syans sosyal ede elèv yo konprann, respekte ak apresye anpil kilti ak moun ki fòme peyi sa a.  Li bay elèv yo konesans ak aptitid ki nesesè pou yo vin sitwayen aktif nan kominote ak peyi yo.  Syans sosyal bay elèv yo konpreyansyon monn kote y ap viv la, li pèmèt yo fè koneksyon ant lide enpòtan ak pwòp lavi yo, epitou li ede yo konsidere tèt yo kòm manm yon pi gwo kominote. 

 

Lang nan monn lan

 

Enstwiksyon nan lang etranje nan vil Nouyòk fèt dapre nòm aprantisaj Leta  Nouyòk epi li ofri elèv yo opòtinite pou devlope konpetans yo nan kominikasyon epi  konprann kilti nan omwen yon lang ki diferan ak lang Angle. Pami lang yo ofri yo, genyen Arab, Bangalè, Chinwa (Mandaren ak Kantonè), Franse, Alman, Grèk (klasik ak modèn), Kreyòl ayisyen, Ebre, Italyen, Japonè, Koreyen, Laten, Polonè, Pòtigè, Ris, Panyòl, Oudou, ak Yidich. Genyen enstwiksyon ki disponib tou nan Langaj siy ameriken.


Anjeneral, yo ofri enstwiksyon nan lang etranje nan lekòl segondè vil Nouyòk; men pwogram lang patrimwàn ak pwogram nan de lang kapab kòmanse depi nan lekòl matènèl. Pwogram lang patrimwàn se
pwogram enrichment lekòl yo ofri pou elèv ki pale yon lang patikilye lakay yo. Yon pwogram nan de lang se yon pwogram enrichment kote elèv k ap aprann lang Angle  ki pale yon lang komen ak elèv ki konpetan nan lang Angle ap aprann ansanm nan de lang – Angle ak yon lang yo vize a. Non sèlman elèv yo ap devlope aptitid nan nouvo lang lan ak aprann matyè akademik nan de lang, men tou y ap pratike ak pataje lang ak kilti youn avèk lòt, pou fè yo bileng, li ak ekri nan de lang, epi konn kilti nan de lang.

 

Edikasyon timoun avan lekòl matènèl

 

Pwogram pre-matènèl yo disponib pou timoun ki vin genyen laj katran 31 desanm.  Yo loje nan lekòl leta yo ak nan òganizasyon kominotè community based organizations (CBO) ki genyen kontra.  Pwogram sa yo ofri yon anviwònman pwoteksyon ak enteresan ki la pou ankouraje devlopman lang oral ak kapasite pou li ak ekri. Yo la tou pou devlopman sosyal, emosyonèl, entelektyèl, kreyatif, ak fizik nan timoun yo.  Timoun yo resevwa aptitid enpòtan nan nivo preparasyon yo ki nesesè pou siksè akademik yo nan klas annapre yo.  Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis aplikasyon an, al gade tiliv Steps to Success (Etap pou siksè) pou klas pre-matènèl ak pou klas matènèl ak klas 1ye ane.

 

Pwogram Douwe

 

Pwogram douwe yo baze nan distri a, epitou pwogram sa yo kòmanse nan swa klas matènèl oswa klas premye ane, selon distri a oswa minisipalite a. Anjeneral, pwogram douwe distri ki nan Manhattan ak Brooklyn kòmanse nan klas matènèl epi pwogram ki nan Bronx, Queens ak Staten Island kòmanse nan klas premye ane. Genyen tou twa lekòl ki ofri pwogram douwe nan vil la, epi lekòl sa yo aksepte elèv ki sòti nan tout senk minisipalite yo.

Yo idantifye elèv douwe yo apre yon pwosesis egzamen difisil epitou yo mete yo nan pwogram douwe ki nan divès lekòl toupatou nan vil Nouyòk. DOE ofri modèl salklas rezève kote elèv douwe yo resevwa enstwiksyon apwopriye kòm yon gwoup pou tout jounen an.  Elèv sa yo resevwa divès kalite eksperyans enrichman ak akselerasyon ki satisfè bezwen aprantisaj avanse yo. Yo fè modifikasyon oswa chanjman nan korikoulòm nan pou satisfè bezwen elèv yo.

DOE sipòte tou pwogram enrichman. Yon gwo kantite lekòl ofri pwogram enrichman pou elèv yo dapre enterè, talan ak kapasite elèv yo.  Pwogram enrichman yo diferan nan chak lekòl paske yo devlope yo pou satisfè bezwen kominote eskolè a.  Lekòl yo kapab genyen pwogram enrichman nan matematik, syans, arts ak lòt matyè debaz.



Edikasyon espesyal

 

Nan vil Nouyòk, nou ofri divès kalite sèvis edikasyon espesyal.  Pami sèvis sa yo, genyen entèvansyon ak estrateji nan anviwònman edikasyon jeneral pou elèv k ap fè efò yo. Yo genyen ladan yo tou plis sèvis entansif yo ofri nan klas edikasyon espesyal otonòm nan kominote eskolè yo ak lekòl espesyalize Distri 75 lan ak lekòl prive Leta Nouyòk apwouve lè sa nesesè.  Sou plan istorik, gwo kantite elèv ki genyen andikap ap resevwa edikasyon nan omwen yon anviwònman ki restriktif. San vle di yo pase pifò jounen lekòl la ansanm avèk kamarad yo ki pa genyen andikap. Kantite elèv andikape ki resevwa klas ansèyman yon gwoup pwofesè k ap kolabore ofri yo, yon anviwònman nan klas enkilzyon, plis pase double depi lè Majistra a ak Chanselye a te anonse refòm nan edikasyon espesyal nan prentan 2003 epitou nòt egzamen ofisyèl pou elèv andikape yo amelyore chak ane.


 

Yon ekip Plan Edikasyon endividyèl Individualized Education Program (IEP) evalye chak elèv ki jwenn rekòmandasyon pou edikasyon espesyal. Ekip sa a fòme avèk manm pèsonèl lekòl la ak paran yon elèv. Si ekip la detèmine yon timoun genyen yon andikap ki mande sèvis edikasyon espesyal, n ap travay pou asire timoun lan resevwa sa li bezwen pou li kapab fè siksè. Direktè lekòl la ak ekip IEP ki baze nan lekòl la sipèvize pwosesis sa a. Pou timoun ki pa ale nan lekòl leta yo, se biwo komite pou edikasyon espesyal la ki sipèvize pwosesis sa a. Pou jwenn plis enfòmasyon, al gade Children First Reforms (Refòm Timoun dabò)—Yon gid pou paran yo, Lèt pou Dwa Paran yo, Tiliv paran manm CSE, Gid oryantasyon pou timoun ki nan laj preskolè jiska laj pou lekòl ak Elèv ki gen andikap k ap mande sou lekòl segondè.

 

Teknoloji Enstwiksyon

 

Biwo Teknoloji Enstwiksyon Office of Instructional Technology (OIT) ofri devlopman pwofesyonèl ak sipò pou tout edikatè vil Nouyòk pou asire tout elèv yo jwenn opòtinite regilye pou itilize teknoloji pou devlope aptitid ki ankouraje pèfòmans pèsonèl, kreyativite, panse kritik, ak kolaborasyon nan salklas la ak lavi toulejou.  Edikatè ak elèv yo itilize teknoloji pou divès kalite objektif avèk tou rechèch, grafis, prezantasyon, piblikasyon dijital, ak kominikasyon.  NYCDOE sipòte elèv yo pou yo vin fòme nan teknoloji. 

 

Depatman Edikasyon ofri tou yon pwogram pwoteksyon jeneral sou entènèt pou elèv klas matènèl rive nan klas 12yèm ane nan lekòl yo ak nan sesyon enfòmasyon pou paran yo. Ou kapab mande koòdonatè paran lekòl ou, bibliyotekè a, oswa espesyalis teknoloji a sa lekòl ou ap fè.

 

Answit, NYC DOE filtre aksè nan entènèt elèv yo, pou bloke sit wèb ki endezirab ak sit wèb ki danjere yo. Nou toujou ap fè mizajou nan kontwòl sekirite a pou rezo enstwiksyon an epitou pou mete restriksyon nan aksè pou rezo san fil ki pa DOE. DOE genyen yon Règleman Itilizasyon Akseptab pou Entènèt ki prezante responsablite itilizatè yo.

 

Sèvis entèvansyon akademik

 

Depatman Edikasyon rekonèt "yon dimansyon pa adapte pou tout.” Se poutèt sa li aplike yon sistèm sèvis entèvansyon dirije pou ede elèv k ap fè efò yo nan lekòl leta vil Nouyòk. Atravè itilizasyon divès kalite estrateji ki devlope sou pwogram bon kapasite debaz pou li ak ekri ak matematik, entèvansyon an la pou ogmante siksè kay elèv ki genyen divès bezwen.


Ekip sèvis entèvansyon akademik Academic intervention services (AIS) ofri sipò nan nivo lekòl la. Chak ekip genyen ladan pwofesyonèl edikasyon ki detèmine bezwen entèvansyon akademik elèv ki nan lekòl la, kreye mwayen dirije pou evalye elèv yo, detèmine metòd pou rezoud pwoblèm akademik yo, epitou – sa ki pi enpòtan – kontwole sou yon baz kontinyèl si metòd sa yo pèmèt genyen plis aprantisaj ak siksè. Avèk nouvo dispozisyon ekip rechèch ki nan lekòl la ki konsantre sou sipò yon gwoup elèv sib patikilye, kontni AIS kapab ofri kapital entèlektyèl ki genyen valè pou vanse travay ekip rechèch la nan abòde bezwen chak elèv apa.




Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.