Kounye a sistèm lekòl nan Vil Nouyòk estab, epi elèv tout klas nan vil la kòmanse fè anpil pwogrè lekòl, Majistra Bloomberg ak Chanselye Klein ap ogmante efò y ap fè pou fè tout 1 400-plus lekòl vil la tounen yon siksè.
Prensip ki sèvi kòm baz dezyèm etap refòm yo se menm prensip ki gide refòm yo te fè anvan yo. Lidèchip, Ranfòsman pouvwa, ak Responsablite.
Lidèchip : Yon òganizasyon bezwen bonjan lidè nan tout nivo pou l gen siksè. Men byenke li enpòtan pou genyen lidè solid nan tout nivo yon òganizasyon, nan domèn edikasyon, direktè yo gen pozisyon lidè ki pi enpòtan an. Yo se premye moun k ap pran desizyon nan lekòl, epi yo dwe gen pouvwa pou yo pou pran desizyon ki reflechi, ak pran risk ki merite pou pran. Chanselyea rekonèt enpòtans direktè yo, epi l ap fè tout efò pou kreye yon sistèm ki ankouraje ak kore lidèchip.
Ranfòsman pouvwa: Apati ane akademik 2007/08, Depatman Edikasyon Department of Education (DOE) ap ranfòse pouvwa tout lekòl leta, pou yo pran desizyon onivo edikasyon nan lekòl yo, kote moun ki pi pwòch elèv yo ap deside bagay k ap ede elèv yo reyisi.
Ranfòsman pouvwa lekòl leta sòti nan inisyativ pou Lekòl Empowerment yo. Ane pase, pandan ane lekòl 2006/07 la, 332 lekòl leta Vil Nouyòk te jwenn pi plis pouvwa pou yo pran desizyon ak resous kòm echanj lè yo aksepte pran responsablite pou rezilta yo. "Lekòl Empowerment" sa yo fonksyone dapre akò pou pèfòmans, kote yo angaje yo pou elèv rive gen rezilta siperyè, avèk sanksyon presi si yo echwe. Ann echanj pou angajman sa a, direktè yo ak ekip estaf yo gen libète mete sou pye estrateji edikasyon ki adapte ak bezwen elèv yo. Lekòl sa yo chwazi ekip ki pou ede yo avèk anpil swen, yo anplwaye pwofesè anplis, yo aplike nouvo orè, yo mete anplas evalyasyon ki adapte ak chak elèv, yo envesti nan fòmasyon pwofesyonèl, epi yo achte sèvis ki satisfè bezwen yo ak bezwen elèv yo nan men ni Depatman an ni lòt founisè. Premye rezilta yo te ankourajan, epi direktè yo eksprime anpil satisfaksyon avèk nouvo modèl sa a.
Apati ane akademik 2007/08, yo te fin ranfòse pouvwa tout lekòl leta, lè yo bay direktè yo ak ekip estaf yo plis posiblite pou deside pou kisa y ap itilize resous yo, pou chwazi manm estaf yo, epi pou kreye pwogram pou elèv yo. Lekòl yo ogmante resous yo tou, poutèt nouvo pwosedi pou Finansman elèv san patipri Fair Student Funding (FSF) Depatman an, ki bay lajan dapre bezwen elèv.
Apati ane eskolè 2007/08, direktè yo chwazi tip sipò ki pi bon pou yo, anplwaye yo, ak elèv yo. Direktè yo, nan chita pale avèk kominote lekòl yo, chwazi pami twa tip Òganizasyon k ap bay lekòl sipò School Support Organisation (SSO), ki la yo tout pou kore lekòl yo pandan y ap travay pou satisfè nòm ofisyèl siperyè Depatman Edikasyon Vil Nouyòk New York City Department of Education (NYCDOE) tabli pou yo. Lekòl yo ka chwazi ant twa tip SSO:
Òganizasyon k ap kore Ranfòsman pouvwa
Yo vini avèk Lekòl Empowerment dapre ide fondamantal ke desizyon sou fason pou edike elèv dwe sòti bò kote moun ki travay avèk elèv yo, nan tout posiblilite sa ka fèt - direktè yo an kolaborasyon avèk kominote lekòl la. Pami desizyon enpòtan sa yo, genyen plis pouvwa sou pwogram edikasyon ak kourikoulòm edikasyon, plis libète pou deside kijan y ap jere bidjè yo, yon wòl enpòtan pou chwazi ak evalye ekip moun devwe nan administrasyon k ap kore direktè yo, ak chans pou deside tip fòmasyon pwofesyonèl ke direktè yo vle pou yo ak pou manm estaf yo dapre bewzwen yo.
Òganizasyon pou Sipò Aprantisaj
Lidè Òganizasyon pou Sipò Aprantisaj Learning Support Organization (LSO) baze yo sou dosye siksè siperyè y ap akimile depi lontan kòm pwofesè, direktè, ak lidè sistèm lekòl la pou ofri pake sipò akademik onivo sijè espesifik. Nan pake sipò akademik sa yo, gen pi bon bagay anplwaye pran abitid fè onivo vil la. Ekip yo genyen anpil pwofesyonèl eksperimante ki nan ansyen biwo rejyonal ak biwo santral.
Chak LSO ofri sipò diferan, ki vize domèn tankou enstriksyon, òganizasyon pwogram, orè, fòmasyon jenn, ak fòmasyon pwofesyonèl. Pake sipò LSO yo disponib pou lekòl nan vil la san konsiderasyon limit rejyonal, epi yo varye gwoup sèvis yo pou satisfè bezwen diferan yon gwo varyete lekòl.
Òganizasyon k ap bay sipò kòm patnè
Òganizasyon k ap bay sipò kòm patnè Partnership Support Organizations (PSOs) travay angwoup andeyò DOE ladan yo moun k ap sèvi kòm entèmedyè, kolèj, inivèsite, ak lòt òganizasyon ki gen dosye ki pwouve y ap sipòte kominote ak lekòl divès fason. Chak òganizasyon yo ap mete tèt yo ak administratè lekòl pou pwofite itilize bagay k ap bay bon rezilta lòt kote nan vil nou an ak peyi nou a.
Òganizasyon sa yo ofri menm kalite sèvis ak sipò DOE te konn ofri otomatikman avan. Atravè biwo rejyonal yo, DOE te konn envesti resous, epi pran desizyon onon lekòl yo. Desizyon yo pran onivo biwo rejyonal ak biwo santral la antrene menm solisyon, menmsi chak lekòl gen bezwen ak difikilte ki diferan. Byenke li efikas pou ranfòse kapasite epi pou gen amoni nan yon gwo sistèm yo itilize yon sèl metòd, apwòch sa a pa ogmante omaksimòm sa n ap envesti nan avni timoun yo.
Byenke yo ranfòse pouvwa tout lekòl pou chwazi pwòp sipò yo, yo toujou rete lekòl leta, ki gen pou respekte règleman DOE ak lòt pwosedi aplikab. Lekòl yo ap kontinye respekte règleman DOE pou plasman elèv, règleman pou rapò fiskal, egzijans edikasyon espesyal, kontra travay, Règleman Chanselye, ak nòm ofisyèl pou responsablite, jan DOE mande l la. Anplis, se sipèentandan kominote a ak sipèentandan lekòl segondè yo ki se fonksyonè k ap evalye direktè lekòl yo.
Responsablite : Ranfòsman pouvwa ak responsablite se prensip k ap ranfòse yonn ak lòt. Direktè yo bezwen pouvwa pou pran desizyon men yo bezwen tabli tou estanda siperyè, epi yo bezwen pran responsablite pou rezilta yo genyen.
Ann avril 2006, Chanselye a lanse yon inisyativ jeneral pou responsablite. Tout lekòl resevwa rapò sou pwogrè, kote yo bay yo nòt A jiska F, dapre evalyasyon “Anviwònman lekòl”, "Pèfòmans", ak “Pwogrè". Tout lekòl resevwa kontwòl kalite an detay sou plas. Yon "Nòt pou kontwòl kalite" lekòl ap parèt nan rapò sou pwogrè ansanm ak nòt lekòl la.
Pou w jwenn plis enfòmasyon osijè pèfòmans elèv nou a ak resous sou responsablite, klike la a.
Apati ane akademik 2007/08, tout lekòl ap gen pou pran responsablite pou satisfè “akò sou tèm pèfòmans" yo siyen an. Nan dokiman sa yo, yo aksepte satisfè objektif espesifik k ap ede elèv yo fè pwogrè yo ka evalye.
Y ap pran sanksyon kont lekòl ki pa p bay elèv edikasyon yo bezwen ak yo merite, alòke y ap rekonpanse lekòl k ap satisfè epi k ap depase nòm ofisyèl yo.
Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.