Enskripsyon pou Prematènèl
Gen pwogram Inivèsèl pou klas Prematènèl Universal Pre-Kindergarten ki disponib nan yon kantite lekòl leta vil Nouyòk ak nan kèk Òganizasyon kominotè Community based organizations (CBO). CBO yo se òganizasyon endepandan ki gen kontra ak Depatman Edikasyon Department of Education (DOE) pou yo ka ofri fanmi yo pwogram Prematènèl ak lòt sèvis.
Se Biwo pou enskripsyon elèv The Office of Student Enrollment ki responsab admisyon pou Prematènèl nan lekòl leta vil Nouyòk. Fanmi ki enterese mete pitit yo nan yon pwogram prematènèl nan yon lekòl leta dwe soumèt yon aplikasyon atravè pwosesis admisyon ki fèt nan biwo santral la. Fanmi ki vle aplike nan yon pwogram prematènèl nan yon CBO ta dwe kontakte CBO a dirèkteman pou mande enfòmasyon sou enskripsyon.
Pou plis enfòmasyon sou enskripsyon nan Prematènel, tanpri kontakte yon biwo enskripsyon minisipal borough enrollment office oswa tyeke paj enfòmasyon sou Edikasyon pou timoun ki poko gen laj pou lekòl la.
Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.
Enskripsyon nan lekòl primè
Pifò lekòl primè nan vil Nouyòk klase dapre sektè. Sa vle di yo detèmine lekòl pou pitit ou a ale dapre adrès kay ou epi ou ka enskri pitit ou a dirèkteman nan lekòl ki pou sektè w la. Si w pa konnen lekòl sektè w la, rele nan 311 oswa ale nan paj ki di Find A School la (se an angle sèlman li ye) nan sit wèb nou an.
Nan kèk distri ou ka soumèt yon aplikasyon pou endike ki lekòl primè ou pi pito apa lekòl sektè w la. Pou ka jwenn enfòmasyon sou enskripsyon ak pwosesis chwa yo nan lekòl primè tanpri kontakte yon biwo enskripsyon minisipal borough enrollment office oswa tyeke paj Publications nou an.
Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.