Minisipalite vil Nouyòk ofri divès kalite chwa pou elèv ki nan lekòl segondè yo.
Pwosesis admisyon nan lekòl segondè yo baze sou de prensip :
enpasyalite ak chwa.
Pwosesis la kòmanse bonè nan otòn pou elèv klas 8yèm ane ak elèv klas 9yèm ane k ap oswa antre nan lekòl segondè oswa ki ta renmen jwenn yon dezyèm opòtinite pou aplike.
Pou ranpli yon aplikasyon, yon elèv dwe ap viv nan vil Nouyòk epitou li dwe satisfè uit oswa nèf nòm pou janbe nan lòt klas.
Elèv yo kapab klase jiska 12 lekòl oswa pwogram sou aplikasyon yo.
Depatman Edikasyon òganize sesyon enfòmasyon ak fwa pandan tout ane a pou ede paran ak elèv yo aprann pwosesis admisyon nan lekòl segondè yo epitou pou yo fè chwa ki reflechi. Anyè lekòl segondè leta vil Nouyòk 2008/09 ofri deskripsyon an detay pou plis pase 400 lekòl segondè vil Nouyòk, avèk tou enfòmasyon sou kou, pwogram, aktivite ki pa fè pati pwogram akademik la, sèvis edikasyon espesyal ak kalifikasyon.
Pou elèv yo kapab resevwa pifò enfòmasyon nan pwosesis admisyon nan lekòl segondè yo, yo ta dwe travay avèk paran ak konseye pedagojik yo pou fè rechèch sou chwa yo epitou pou yo aplike pou pwogram ki pi enterese yo. Piblikasyon Choosing a High School (Fason pou chwazi yon lekòl segondè) ofri yon entwodiksyon nan pwosesis admisyon nan lekòl segondè pou elèv klas 6yèm ane epi piblikasyon Making Choices (Fason pou fè chwa) ofri entwodiksyon sa a tou pou elèv klas 7yème ane yo. Ou kapab jwenn tout piblikasyon lekòl segondè yo nan evènman lekòl segondè yo ak sou sit wèb Piblikasyon.
Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.