Haitian Creole

Lekòl Presegondè

Enskripsyon nan lekòl pre-segondè varye selon kote w ap viv. Kèk distri genyen pwosesis pou chwazi lekòl pre-segondè, kèk lòt genyen sèlman lekòl pre-segondè dapre sektè epi lòt yo genyen yon melanj toulède. Nan distri kote genyen pwosesis pou chwazi lekòl pre-segondè yo, yon elèv ap soumèt yon aplikasyon pou endike chwa li pi pito pou lekòl pre-segondè. Nan distri ki genyen sèlman lekòl pre-segondè dapre sektè, yo detèmine yon lekòl pre-segondè elèv la dapre adrès kay li. Nan distri ki genyen yon melanj toulède, yon elèv kapab aplike pou yon lekòl li chwazi oswa li kapab ale nan lekòl dapre zòn li abite a.

Pou konnen si lekòl ou se dapre sektè ou abite a, rele 311 oswa ale sou sit wèb angle Find A School. Pou jwenn enfòmasyon jeneral sou pwosesis enskripsyon lekòl primè ak chwa lekòl primè, tanpri kontakte yon biwo enskripsyon minisipalite. W ap jwenn piblikasyon ki tradui sou paj piblikasyon lekòl pre-segondè a.



Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.