Lwa 2001 pou pa kite okenn timoun rete dèyè No Child Left Behind Act of 2001 (NCLB) se yon lwa edikasyon federal ki gouvène edikasyon nan klas matènèl pou rive nan klas 12yèm ane. NCLB konsantre sou yon kantite mezi ki la pou ede fè leta ak lekòl yo pran plis responsablite pou siksè akademik tout elèv, pou asire pwofesè yo trè kalifye, epitou pou ofri paran yo aksè nan enfòmasyon ak opòtinite pou yo chwazi.
Se Depatman Edikasyon vil Nouyòk ki egzekite pwogram chwa lekòl leta NCLB pou pèmèt paran elèv ki anwole epi ki pwograme pou kontinye anwole nan lekòl Tit I ki bezwen amelyorasyon Title I Schools In Need of Improvement (SINI) ak lekòl yo mete sou rejis pou kontwòl oswa pou evalyasyon Schools Under Registration Review (SURR) mande yon transfè nan lekòl yo pa idantifye kòm SINI oswa SURR. Y ap voye dokiman aplikasyon yo ba paran tout elèv ki kalifye yo nan prentan 2009.
Idantifikasyon yon lekòl kòm yon SINI baze sou rezilta egzamen leta elèv yo pran chak ane. Dapre gid federal yo, Depatman Edikasyon Leta Nouyòk analize rezilta egzamen sa yo pou detèmine si yon lekòl fè pwogrè li oblije fè chak ane Adequate Yearly Progress (AYP) nan amelyorasyon siksè elèv yo. Si yon lekòl pa fè AYP pandan de ane swivi, yo klase lekòl sa a kòm yon SINI Tit I.
Yo klase lekòl SINI Tit I sou kantite ane yo pa fè AYP epitou yo fè pati SINI (Ane 1 ak 2), lekòl ki bezwen mezi korektif, lekòl k ap planifye pou restriktirasyon, ak lekòl restriktirasyon. Lekòl sa yo ap resevwa divès kalite entèvansyon pou ede yo amelyore pwogram enstwiksyon yo ak kontwole li.
Si ou genyen kesyon oswa si ou bezwen plis enfòmasyon sou pwosesis transfè a, kontakte Koòdonatè paran nan lekòl kote pitit ou ye a. Ou kapab kontakte Biwo enskripsyon minisipalite kote w ap viv la tou.
Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a