Responsablite prensipal OFEA se pou sipòte fanmi nan ede yo jwenn repons ak rezoud pwoblèm yo.
Sou Majistra Bloomberg, DOE kreye yon pakèt pozisyon ak biwo pou sipò fanmi ki responsab pou satisfè bezwen fanmi nan lekòl leta vil Nouyòk. Bezwen say o se:
Sipò pou Fanmi ki nan gwo pwoblèm
Nou travay avèk biwo Depatman Sekirite Edikasyon ak biwo pou Fòmasyon jèn Department of Education's Safety and Youth Development ak biwo Administrasyon pou Sèvis Timoun Administration for Children's Services epi ak lòt ajans nan vil la pou ede fanmi ki nan gwo pwoblèm.
Pou plis enfòmasyon sou èd ak sèvis ki disponib pou fanmi yo, tanpri kontakte Koòdonatè Paran lekòl ou a oubyen Defansè dwa fanmi onivo distri a.
Koòdonatè paran
An 2002, Majistra a ak Chanselye a te kreye pozisyon “Koòdonatè Paran” pou asire gen yon moun nan chak lekòl ki responsab dirèkteman pou ede fanmi yo. Koòdonatè Paran yo se premye moun fanmi yo sipoze kontakte lè yo gen kesyon oubyen enkyetid konsènan lekòl pitit yo.
Koòdinatè Paran yo fè pati ekip administrasyon k ap travay pou direktè lekòl yo. Yo travay nan tèt kole ak komite dirijan ekòl la School Leadership Team (SLT), asosyasyon paran yo Parentt Association (PA), gwoup kominotè yo, Konsèy konsiltatif pou paran yo parent advisory councils (PAC), pou fè fanmi yo antre epi patisipe nan kominote lekòl la. Yo gen pou chaj tou pou yo idantifye tout pwoblèm ki konsène fanmi epi pou yo travay ansanm ak lidè lekòl yo pou rezoud pwoblèm sa yo atan.
Defansè Dwa Fanmi onivo Distri a ak Direktè nan Distri yo
Li enpòtan pou fanmi yo jwenn sipò ak repons. Se pou sa, nan ane lekòl 2007-08 la DOE te anplwaye omwen de Defansè dwa fanmi distri District Family Advocate(DFA )ki responsab pou ede paran lekòl primè ak lekòl presegondè nan chak distri lekòl kominote yo , epi yon Direktè minisipalite pou ede fanmi lekòl segondè yo nan chak minisipalite. Fonksyonè pou sipò fanmi sa yo pare pou ede paran, kidonk pou paran pa oblije ale jis nan biwo rejyonal yo ankò pou yo jwenn èd ak enfòmasyon.
Defansè dwa fanmi distri a bay sèvis dirèk pou prezante bezwen fanmi yo ak paran lidè yo. Yo travay ak Superintendent, direktè ak koòdonatè paran ki nan lekòl yo, konsèy prezidan distri District Presidents Councils yo a ak lòt moun pou ede fanmi yo.
Pou jwenn yon lis kontak pou defansè dwa fanmi distri a, klike la a.
311
Si ou gen kesyon sou enskripsyon, sou transpò nan lekòl pitit ou, sou fason pou kontakte DFA yo oubyen Direktè minisipalite a, oubyen si w bezwen konnen lekòl sektè distri w la, ou ka toujou rele nan 311 pou liyouvè majistra a pou tout vil la. Operatè 311 lan ka dirije apèl nan 8 lòt lang apa Angle epi li ka konekte w ak DFA a.
Depatman Edikasyon travay nan tèt kole ak 311 epi nou ankouraje fanmi yo po rele 311 lè yo gen kesyon.
Sèvis Tradiksyon ak Entèpretasyon
Nou devwe pou n ede fanmi elimine baryè lang ki ka anpeche yo patisipe nan edikasyon pitit yo.
Yo te kreye Divizyon Tradiksyon ak Entèpretasyon DOE an 2004 kòm yon resous pou ede lekòl ak biwo kominike avèk fanmi ki pa pale angle byen. An 2006, yo mete an pratik Regleman A-663 Chanselye a pou fòmalize angajman Depatman pou l bay fanmi ki pale angle yo sèvis entèpretasyon.
Nan ane lekòl 2007-08 la, OFEA ansannm avèk Divizyon Tradiksyon ak Entèpretasyon kòmanse yon seri fowòm nan lang natifnatal onivo tout vil la. Nan fowòm sa yo, nou bay plis pase 60 prezantasyon nan lang etranje moun pale pi plis nan vil la.
Divizyon Tradiksyon ak Entèpretasyon an ofri tradiksyon materyèl pou lekòl lè Direktè lekòl yo mande sa. Ekzanp materyèl yo tradui pou lekòl gen ladan yo: lèt, manyèl lekòl, anons reyinyon, kalandrye lekòl, ak bilten enfòmasyon lekòl. Depatman an ofri lekòl yo tou sèvis entèpretasyon endividyèl , nan telefòn Sèvis. Sa yo fasilite kominikasyon ant paran ak moun nan lekòl yo.
Paran ki pa pale angle gen dwa pou mande sèvis entèpretasyon e lekòl yo oblije reponn demann lan pou yo rele Divizyon tradiksyon ak Entèpretasyon nan nimewo ke sèl lekòl ak biwo DOE yo gen aksè.
Vizit nan Lekòl yo
Anpil lekòl envite paran pou vizite salklas pitit yo. Vizit nan lekòl yo ba paran yon chans pou konprann kisa pitit yo ap aprann epi pou konnen bi byen ki fason yo ka ede pitit yo lakay la.
Si w bezwen vizite lekòl pitit ou, tanpri swiv konsèy sa yo:
· Kontakte sekretè lekòl la oubyen koòdonatè paran an pou pran yon randevou pou vizite nan jou ak lè ki bon an epi ki pa p deranje pwogram ansèyman an. Jeneralman, se pa yon bon lide pou vizite lekòl yo lè y ap mete anran lematen, lè elèv yo ap chanje salklas, lè elèv yo ap pran ekzamen ak lè y ap lage.
· Konsidere kiyès ou bezwen wè nan vizit la. Toudepan rezon ou ale nan lekòl la, ou gen dwa vle pale avèk direktè a, yon pwofesè, yon konseye pedagojik, koòdonatè paran an, oubyen lòt moun nan lekòl la. Mande sekretè lekòl la oubyen koòdonatè paran an pou fè aranjman pou nenpòt yon reyinyon out a vle fè.
· Lè w ap vizite yon lekòl, pa deranje klas pitit ou a. Yo pa ankouraje pou pale ak pitit ou pandan w ap vizite salklas la.
Si w ta rankontre nenpòt pwoblèm pou pran yon randevou pou vizite lekòl pitit ou, pale ak koòdonatè paran an pou konprann règleman lekòl la oubyen kontakte DFA a.
Reyinyon Distri a
Nou fè anpil reyinyon avèk fowòm pou fanmi aprann sou sèvis enpòtan, resous, règleman nan lekòl onivo tout vil la, ansanm ak opòtinite kote fanmi ka aprann nan divès kominote distri lekòl yo.
DFA yo ofri yon seri aktivite yo rele Jounen fanmi nan Distri a District District Family Days. District Family Days fèt yon fwa pa mwa epi yo bay fanmi ak paran lidè opòtinite pou yo fè konesans youn lòt, pou yo reflechi sou bezwen paran genyen epi pou yo okouran sèvis enpòtan ak/oubyen pi bon metòd pou yo sipòte aprantisaj lakay yo pou toutan
Nou travay tou ak administratè lekòl yo, ak paran lidè yo pou ofri komonote lokal yo opòtinite pou yo konprann bi byen bezwen elèv yo nan edikasyon epi pou yo pale sou priyorite nan edikasyon. Nou ankouraje fanmi ak lidè paran yo pou yo ale nan reyinyon SLT distri a, nan reyinyon konsèy prezidan distri District Presidents Council (DPC) yo, nan reyinyon konsèy edikasyon kominotè yo Community Education Council (CEC), avèk nan reyinyon Tit I PAC distri yo pou yo aprann plis sou bezwen kominote lekòl la..
Yon mesaj sou anwolman nan lame ak enskripsyon pou Inivèsite
Lalwa federal mande pou DOE bay rekritè lame ak lòt enstitisyon siperyè ki mande sa, non, adrès ak nimewo telefòn elèv lekòl segondè leta yo. Pandan nou pran angajman pou pwoteje konfidansyalite elèv yo, nou oblije obeyi lalwa. Si w pa vle nou bay non pitit ou ak enfòmasyon sou li, ou dwe ranpli fòm Parental Opt-Out Form, epi remèt li ba konseye pedagojik la.
Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.