Haitian Creole

Règleman pou chanje klas

Elèv Pwogram Edikasyon Regilye

Elèv nan klas 3yèm, 5yèm, ak 7yèm ane ap chanje klas an Jen, si nòt yo fè ane sa a klase yo nan Nivo 2 oswa pi wo nan egzamen leta yo pran nan Konpozisyon anglè English Language Arts (ELA) ak Matematik.  Pou tout elèv ki fè nòt nan Nivo 1 swa nan egzamen ELA swa nan egzamen Matematik (oubyen nan toude), gen yon pwosesis pou ale ann apèl, ki oblije pou yo revize  travay elèv la otomatikman.

 

Elèv pwogram Edikasyon Espesyal

Y ap aplike kritè ki pou elèv klas 3yèm, 5yèm, ak 7yèm ane nou site pi wo a pou elèv ki gen “kritè regilye pou chanje klas” ki site nan paj 9 Plan Edikasyon Endividyèl Individualized Education Plan (IEP) yo .  Elèv ki gen "kritè ki modifye pou chanje klas" nan IEP yo ap chanje klas dapre kritè modifye sa yo.

 

Moun k ap aprann lang angle

Yo pa p aplike nòm pou chanje klas yo pou elèv k ap aprann lang angle English Language Learners (ELL), ki nan yon sistèm eskolè pou mwens pase de lane.  Y ap pran desizyon sou jan pou ELL ki gen ant de ak twazan nan yon sistèm eskolè dapre yon evalyasyon konplè travay elèv yo nan klas, rezilta egzamen yo, ak prezans yo lekòl.  Y ap aplike nòm pou chanje klas yo pou ELL ki gen twazan oswa plis nan yon sistèm lekòl kote lang yo itilize pou anseye a se angle, eksepte pou ELL ki gen yon yon ekstansyon sèvis ki apwouve pou katriyèm oswa senkyèm ane a ak ELL ki kalifye pou yon ekstansyon sèvis  pou katriyèm oswa pou senkyèm ane a.  Desizyon pou ELL ki gen yon ekstansyon pou sèvis, chanje klas ak desizyon pou ELL ki kalifye pou yon ekstansyon sèvis chanje klas ap baze sou yon evalyasyon konplè tarvay elèv la nan klas, rezilta tès li yo ak prezans li lekòl. 

 

Apèl otomatik pou tout elèv ki gen Nivo 1

Pwofesè ap itilize kritè regilye yo pou revize otomatikman travay tout elèv ki fè nòt nan Nivo 1 swa pou egzamen ELA swa pou egzamen Matematik (oswa pou toude).  Pwofesè yo ap kreye yon pòtfolyo pou chak elèv, ki ka gen ladan l travay matematik regilye, liv ki nan bibliyotèk salklas nan nivo elèv yo, oswa yon pasaj lekti regilye, modèl redaksyon, ak travay pou elèv fè nan klas ki baze sou nòm regilye.  Grasa kritè regilye y ap itilize yo, pwofesè yo ap endike si travay elèv la egal ak Nivo 2, epi l ap soumèt pòtfolyo a ba direktè a pou l revize.

Apresa, direktè lekòl la ap evalye pòfolyo a pou sètifye ke pòtfolyo elèv la pwouve travay li egal ak Nivo 2.  Si l satisfè kritè sa a, direktè lekòl la ap voye pòtfolyo a ba Sipèentandan kominotè a pou egzamine l.   Sipèentandan kominotè a ap pran desizyon final si pou elèv la chanje klas.

 

Demann Apèl paran

Paran yo ka soumèt tou  yon apèl alekri ba direktè lekòl pitit yo a nenpòt lè apre yo fin avize yo an Jen ke pitit yo pa satisfè nòm pou chanje klas yo.

 

Sipèentandan kominotè a ap konsidere yon apèl paran fè lè lekòl k ap fèt pandan ete a fini. Byenke yo rekòmande lekòl pandan ete, li pa obligatwa. Li ofri elèv ki pako satisfè nòm  pou chanje klas yon dezyèm chans pou rive atenn yon Nivo 2 nan egzamen mwa Out yo.  Elèv ka pran egzamen ELA oswa Matematik oubyen toude nan mwa Out menmsi yo pa t ale lekòl pandan ete.  Si yonn oswa toulede nòt egzamen elèv la toujou nan Nivo 1, elèv la ap pral nan yon pwosesis apèl otomatik, regilye ankò.  Si elèv la pa chanje klas atravè pwosesis apèl otomatik la ann Out, y ap apwouve yon demann apèl paran si Sipèentandan kominotè a detèmine, dapre yon evalyasyon konplè pòtfolyo elèv la, nòt li yo nan egzamen ete yo, travay li nan lekòl pandan ete a, ak tout remak pwofesè lekòl ete a fè ke pèfòmans elèv la egal ak Nivo 2.

 

Kòm yon pati nan pwosesis Apèl Paran an nan mwa Out, paran yo ka revize pòtfolyo pitit yo avèk direktè lekòl la oswa ak Sipèentandan kominotè a pou konprann pi byen fason yo te evalye travay pitit yo a.


Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.