Edikasyon espesyal
Nan vil Nouyòk, nou ofri divès kalite sèvis edikasyon espesyal. Pami sèvis sa yo, genyen entèvansyon ak estrateji nan anviwònman edikasyon jeneral pou elèv k ap fè efò yo. Yo genyen ladan yo tou plis sèvis entansif yo ofri nan klas edikasyon espesyal otonòm nan kominote eskolè yo ak lekòl espesyalize Distri 75 lan ak lekòl prive Leta Nouyòk apwouve lè sa nesesè. Sou plan istorik, gwo kantite elèv ki genyen andikap ap resevwa edikasyon nan omwen yon anviwònman ki restriktif. San vle di yo pase pifò jounen lekòl la ansanm avèk kamarad yo ki pa genyen andikap. Kantite elèv andikape ki resevwa klas ansèyman yon gwoup pwofesè k ap kolabore ofri yo, yon anviwònman nan klas enkilzyon, plis pase double depi lè Majistra a ak Chanselye a te anonse refòm nan edikasyon espesyal nan prentan 2003 epitou nòt egzamen ofisyèl pou elèv andikape yo amelyore chak ane.
Yon ekip Plan Edikasyon endividyèl Individualized Education Program (IEP) evalye chak elèv ki jwenn rekòmandasyon pou edikasyon espesyal. Ekip sa a fòme avèk manm pèsonèl lekòl la ak paran yon elèv. Si ekip la detèmine yon timoun genyen yon andikap ki mande sèvis edikasyon espesyal, n ap travay pou asire timoun lan resevwa sa li bezwen pou li kapab fè siksè. Direktè lekòl la ak ekip IEP ki baze nan lekòl la sipèvize pwosesis sa a. Pou timoun ki pa ale nan lekòl leta yo, se biwo komite pou edikasyon espesyal la ki sipèvize pwosesis sa a. Pou jwenn plis enfòmasyon, al gade Children First Reforms (Refòm Timoun dabò)—Yon gid pou paran yo, Lèt pou Dwa Paran yo, Tiliv paran manm CSE, Gid oryantasyon pou timoun ki nan laj preskolè jiska laj pou lekòl ak Elèv ki gen andikap k ap mande sou lekòl segondè.
Moun k ap aprann lang angle English Language Learners (ELL)
Elèv douwe Gifted & Talented (G&T)
Pwogram douwe yo baze nan distri a, epitou pwogram sa yo kòmanse nan swa klas matènèl oswa klas premye ane, selon distri a oswa minisipalite a. Anjeneral, pwogram douwe distri ki nan Manhattan ak Brooklyn kòmanse nan klas matènèl epi pwogram ki nan Bronx, Queens ak Staten Island kòmanse nan klas premye ane. Genyen tou twa lekòl ki ofri pwogram douwe nan vil la, epi lekòl sa yo aksepte elèv ki sòti nan tout senk minisipalite yo.
Yo idantifye elèv douwe yo apre yon pwosesis egzamen difisil epitou yo mete yo nan pwogram douwe ki nan divès lekòl toupatou nan vil Nouyòk. DOE ofri modèl salklas rezève kote elèv douwe yo resevwa enstwiksyon apwopriye kòm yon gwoup pou tout jounen an. Elèv sa yo resevwa divès kalite eksperyans enrichman ak akselerasyon ki satisfè bezwen aprantisaj avanse yo. Yo fè modifikasyon oswa chanjman nan korikoulòm nan pou satisfè bezwen elèv yo.
DOE sipòte tou pwogram enrichman. Yon gwo kantite lekòl ofri pwogram enrichman pou elèv yo dapre enterè, talan ak kapasite elèv yo. Pwogram enrichman yo diferan nan chak lekòl paske yo devlope yo pou satisfè bezwen kominote eskolè a. Lekòl yo kapab genyen pwogram enrichman nan matematik, syans, arts ak lòt matyè debaz.
Charter Schools
Charter school se lekòl ki lib pou tout elèv ki nan vil Nouyòk atravè yon tiraj-osò pou admisyon san diskriminasyon. Se yon konsèy administrasyon ki pa la pou fè benefis ki alatèt chak lekòl charter school yo. Konsèy la genyen ladan edikatè, manm kominote, ak lidè sektè prive a. Charter school yo genyen libète pou kreye pwòp règleman yo, deziyen pwòp pwogram edikasyon yo, epitou jere resous imèn ak finansye. Charter school yo responsab pou elèv yo bay bon jan randman, atravè yon kontra pèfòmans pou yon peryòd senkan,
Nenpòt timoun ki kalifye pou admisyon nan yon lekòl leta tradisyonèl, kalifye tou pou admisyon nan yon charter school. Yo pa ka limite dmisyon nan yon charter school sou baz andikap, ras, konviksyon, fi oubyen gason, peyi kote elèv la fèt, relijyon, ansèt, mezi siksè oswa aptitid, oswa kapasite espòtif. Si kantite aplikan yo depase kantite plas ki genyen yo, yo dwe itilize yon pwosesis seleksyon owaza, tankou yon tiraj-osò. Men, charter school yo bay priyorite pou sè ak frè elèv ki deja nan lekòl la ak elèv k ap viv nan distri eskolè kominote charter school la.
Si ou enterese aplike pou admisyon nan nenpòt charter school, ou dwe kontakte lekòl la dirèkteman pou chèche konnen dat limit ak pwosesis aplikasyon oswa enskripsyon li. Pou jwenn dènye enfòmasyon yo nan lang Angle sou adrès charter school yo, enfòmasyon kontak, ak nivo klas yo genyen, tanpri klike la a.
Nouvo ti lekòl segondè
Nouvo ti lekòl yo ofri lòt bon kalite chwa edikasyon pou tout elèv ki nan vil Nouyòk dapre prensip rigè akademik, pèsonalizasyon ak afilyasyon:
1. Rigè akademik : Elèv yo resevwa yon definisyon klè sou konesans ak aptitid yo dwe vin genyen, epitou kou yo fèt pou asire tout elèv yo satisfè gwo ekzijans yo epi pou yo gradye toupare pou siksè nan kolèj ak pou lavi.
2. Pèsonalizasyon : Lekòl yo anwole apeprè 500 elèv oswa mwens, pou pèmèt pwofesè ak direktè lekòl yo sipòte bezwen tout elèv yo.
3. Afilyasyon : Pifò lekòl yo kolabore avèk yon òganizasyon entèmedyè (tankou yon inivèsite, biwo devlopman pou jenn yo, òganizasyon ki pa pou fè pwofi, oswa òganizasyon edikasyonèl). Patnè sa yo pote resous edikasyonèl nan lekòl yo, pou pèmèt ogmante kalite ak nivo a : Anplis, afilyasyon lokal avèk òganizasyon kominotè yo, enstitisyon kiltirèl, ak biznis yo ranfòse koneksyon ant lekòl yo ak kominote y ap sèvi yo.
Elèv ki enterese enskri nan yon nouvo lekòl segondè ki egziste kapab aplike depi yo fè lis non nouvo lekòl segondè a sou aplikasyon regilye lekòl segondè a. Ou kapab revize yon lis tout nouvo lekòl yo sou Entènèt. Si ou genyen kesyon sou enskripsyon an, tanpri kontakte Biwo Enskripsyon Minisipalite ou.
Ti kominote aprantisaj Small Learning Communities (SLC)
Nan vil Nouyòk, anpil gwo lekòl segondè akademik chanje an Ti Kominote Aprantisaj Small Learning Communities (SLC). Anjeneral, chak SLC ki nan yon lekòl genyen ant 250-450 elèv ki travay ansanm avèk yon gwoup pwofesè debaz ak lòt adilt. Ansanm, yo devlope yon anviwònman aprantisaj ki adapte pou chak elèv epi ki konsantre sou fason adilt byen konnen bezwen, enterè, ak atant chak elèv, pou kontwole ansanm pwogrè elèv la, epitou pou ofri sipò akademik ak lòt sipò elèv la bezwen pou gen siksè. Pwofesè SLC yo planifye ansanm epi korikolòm ki nan chak SLC bati toutotou yon tèm oswa yon prensip global pou pote plis enterè nan matyè akademik yo. Elèv ki genyen bezwen espesyal ak elèv k ap aprann lang Angle fè pati SLC yo. genyen yon Direktè pou lekòl la, epi genyen yon Direktè-adjwen alatèt chak SLC yo. Lekòl SLC yo jwenn sipò Biwo Restriktirasyon lekòl Office of School Redesign anba Biwo Devlopman Pòtfolyo.
Men kat eleman debaz ki kenbe SLC ki nan vil Nouyòk yo:
1. Lidèchip pou fasilite ak distribye
2. Ekip ki devwe pou ansèyman, aprantisaj, ak sipò
3. Yon sistèm done pou responsablite
4. Korikolòm ak enstwiksyon serye pou tout elèv, ki konsantre sou yon sèl objektif.
Elèv yo aplike nan lekòl SLC atravè pwosesis admisyon nòmal lekòl segondè. Pou jwenn lòt enfòmasyon, kontakte konseye pedagojik ou epi revize Lis lekòl segondè leta yo.
Pou jwenn yon lis lekòl SLC ak lyen nan sit wèb yo (tout nan lang Angle), tanpri klike la.
Lekòl pou fòmasyon teknik ak pwofesyonèl Career and Technical Education (CTE)
Lekòl segondè ki genyen pwogram CTE yo entwodui etid akademik serye avèk aptitid pou mache travay la nan chemen pou karyè espesifik. Elèv yo patisipe nan pwogram ki satisfè nòm biznis ak endistri. Elèv yo jwenn opòtinite pou gradye nan lekòl segondè avèk konpetans nan endistri espesifik ak aptitid ki mennen yo nan edikasyon apre lekòl segondè, lòt fòmasyon nan endistri, oswa antre sou mache travay la oswa toulède. Yo egzekite pwogram CTE nan plizyè fason : nan lekòl ki devwe pou sa yo, kote yon enstitisyon annantye devwe pou pwogram ki asosye ak CTE, epitou atravè pwogram CTE nan lekòl segondè ki adapte a nivo tout elèv.
Pwogram etid CTE yo diferan dapre endistri a, men yo genyen eleman komen, tankou :
· Gwo ekzijans pou gradyasyon, ki reflete konpetans 21yèm syèk la
· Yon sekans kou akademik solid ki konekte avèk kou CTE epitou ki entwodui sa kou yo dwe gen ladan yo, pou devlope ni konpetans debaz ni konpetans avanse alafwa.
· Pwosesis espesifik ki bati tout pwogram lekòl segondè a an rapò avèk yon endistri epi avèk yon chemen pou edikasyon apre lekòl segondè.
· Yo te fèt pou anpile gwo kalifikasyon oswa sètifika ki gen valè ak opòtinite apre lekòl segondè ki klè.
Elèv yo aplike nan lekòl CTE atravè pwosesis admisyon nòmal lekòl segondè. Pou jwenn lòt enfòmasyon, kontakte konseye pedagojik ou epi revize Lis lekòl segondè leta yo.
Opsyon pou elèv ki rete dèyè sou plan akademik nan lekòl segondè
N ap lite pou garanti ke chak elèv gen opòtinite pou yo pran yon diplòm lekòl segondè. Anmenmtan, nou rekonèt lekòl segondè tradisyonèl yo pa mache byen pou tout elèv. Gen kèk elev ki gen anpil difikilte- soti nan pwoblèm pèsonèl pou rive nan pwoblèm prizon ak nan twomatis familyal—ki egzije lòt chemen pou yo ka jwenn yon bon kalite edikasyon. Depatman Edikasyon Department of Education (DOE) kreye yon kantite opsyon edikatif bon kalite pou satisfè bezwen elèv ki gen laj 16 pou rive 21 lane ki rete dèyè sou plan akademik epi ki rete plis pase de lane pou yo gradye. W ap jwenn pi ba a kèk opsyon nou ofri pou elèv sa yo.
Enfòmasyon sou lekòl ak pwogram ki pou ede elèv ki twò gran yo ratrape yo epi pran yon diplòm.
Bwochi Office of Multiple Pathways to Graduation ki gen lis tout kote pwogram yo ye.
Lekòl segondè transfè Transfer Schools
Lekòl segondè pou transfè yo se ti lekòl ki solid sou plan akademik ki la pou edike elèv ki te abandone lekòl oswa ki rete dèyè epi ki gen pi piti kredi nan moman an pase sa yo ta dwe genyen pou laj yo. Lekòl sa yo ofri yon anviwònman aprantisaj pèsonalize ak koneksyon pou opòtinite karyè ak pou antre nan kolèj. Elèv yo ap gradye ak yon diplòm lekòl segondè nan lekòl segondè pou transfè yo. Se chak lekòl transfè ki detèmine kritè admisyon pa yo. Konseye pedagojik ki nan lekòl segondè original elèv yo dwe kontakte chak lekòl transfè dirèkteman pou yo pran yon randevou pou entèvyou admisyon oswa pou jwenn plis enfòmasyon sou lekòl la.
Sant minisipal pou jèn moun Young Adult Borough Centers (YABC)
Pwogram akademik yo fè leswa nan YABC yo la pou satisfè bezwen elèv lekòl segondè ki panse abandone lekòl paske yo rete dèyè sou plan akademik oswa paske yo gen responsablite granmoun ki fè yo pa ka ale lekòl lajounen. Elèv ki kalifye yo gen omwen 17 lane edmi, yo lekòl depi kat lane oswa plis epi yo gen 17 kredi oswa plis. Elèv yo ap gradye ak yon diplòm nan lekòl prensipal yo apre yo fin genyen tout kredi yo epi pase tout egzamen ki obligatwa yo pandan yo prale nan YABC.
Bwochi YABC
Pwogram GED ak pwogram fòmasyon pou jwenn travay Learning to Work (LTW)
Gen divès pwogram preparasyon Fòmasyon Edikasyon Jeneral General Education Development (GED) nan distri altènatif la (Distri 79) ki disponib pou elèv ki vle prepare egzamen GED yo. Elèv ki resevwa yon nòt ki fè konnen yo pase egzamen GED a ap gen yon diplòm ekivalan ak diplòm lekòl segondè. Nou mete sou pye nouvo pwogram GED a tan plen ak a tan pasyèl ki fè yon sèl ak pwogram LTW. Pwogram sa yo prepare elèv yo pou GED epi li ede yo fè koneksyon pou opòtinite ki fè sans apre lekòl segondè.
Bwochi LTW GED
Pwogram Aprantisaj pou jwenn travay Learning to Work (LTW)
Pwogram LTW yo ofri preparasyon apwofondi pou jwenn travay ak opòtinite pou dekouvri karyè. Yo la pou ranfòse eleman akadenmik kèk YABC, lekòl transfè ak pwogram GED. Objektif LTW yo se ede elèv yo rezoud kèk pwoblèm ki anpeche yo pwogrese pou yo pran yon diplòm lekòl segondè epi mennen yo nan chemen djòb ak eksperyans edikatif ki satisfezan apre lekòl segondè. LTW yo ofri sipò akademik , eksplorasyon nan karyè ak nan edikasyon, preparasyon pou jwenn travay, devlopman ladrès ak estaj. Pou plis enfòmasyon, elèv ki enterese yo ta dwe kontakte konseye pedagojik yo sou pwogram LTW yo. Elèv yo dwe enskri swa nan yon lekòl transfè, swa nan yon YABC oswa nan yon pwogram GED pou yo ka patisipe nan pwogram LTW yo.
Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.