Haitian Creole

Sipò pou Elèv, Sekirite ak Aktivite


Pwogram Espesyal

 

Sèvis Bibliyotèk

Pwogram bibliyotèk lekòl la envite timoun ak jenn adilt yo pou yo fè lekti pou plezi, fè rechèch sou nouvo lide, epitou itilize liv ak òdinatè pou jwenn enfòmasyon pou ede yo fè siksè sou plan akademik.  Bibliyotekè lekòl la ankouraje moun renmen lekti epitou yo anseye konessans elèv yo bezwen pou yo jwenn enfòmasyon, li enfòmasyon yo, epi fè sans avèk enfòmasyon yo.

 

Paran yo kapab mande bibliyotekè lekòl la pou ede yo dekouvri bon jan liv pou pitit yo pou yo li nan tout nivo lekti, nan kèk lang ki diferan ak lang Angle, epitou sou anpil sijè.  Paran yo kapab pale tou avèk bibliyotekè a pou jwenn konsèy sou fason pou ede pwoteje pitit yo ak jenn adilt kont danje lè y ap itilize entènèt.  Nou envite paran yo pou yo gade yon gid alfabetizasyon pou fanmi, Opening the Door to Learning (Louvri pòt pou aprantisaj) : Literacy is a Family Affair (Alfabetizasyon se afè tout fanmi an), pou jwenn lis liv ak lide yo rekòmande pou sipòte alfabetizasyon pitit yo nan tout laj (klas matènèl rive nan klas 12yèm ane).

Teknoloji Enstwiksyon

Biwo Teknoloji Enstwiksyon Office of Instructional Technology (OIT) ofri devlopman pwofesyonèl ak sipò pou tout edikatè vil Nouyòk pou asire tout elèv yo jwenn opòtinite regilye pou itilize teknoloji pou devlope aptitid ki ankouraje pèfòmans pèsonèl, kreyativite, panse kritik, ak kolaborasyon nan salklas la ak lavi toulejou.  Edikatè ak elèv yo itilize teknoloji pou divès kalite objektif avèk tou rechèch, grafis, prezantasyon, piblikasyon dijital, ak kominikasyon.  NYCDOE sipòte elèv yo pou yo vin fòme nan teknoloji. 

 

Depatman Edikasyon ofri tou yon pwogram pwoteksyon jeneral sou entènèt pou elèv klas matènèl rive nan klas 12yèm ane nan lekòl yo ak nan sesyon enfòmasyon pou paran yo. Ou kapab mande koòdonatè paran lekòl ou, bibliyotekè a, oswa espesyalis teknoloji a sa lekòl ou ap fè.

 

Answit, NYC DOE filtre aksè nan entènèt elèv yo, pou bloke sit wèb ki endezirab ak sit wèb ki danjere yo. Nou toujou ap fè mizajou nan kontwòl sekirite a pou rezo enstwiksyon an epitou pou mete restriksyon nan aksè pou rezo san fil ki pa DOE. DOE genyen yon Règleman Itilizasyon Akseptab pou Entènèt ki prezante responsablite itilizatè yo. 
 

Leson patikilye

Sèvis Edikasyon siplemantè Supplemental Educational Services (SES) se yon  pwogram federal finanse ki bay sèvis leson patikilye yon “founisè apwouve” lòt lè ki pa lè regilye lekòl fonksyone. Sa vle di kou patikilye SES ka fèt anvan oswa apre lekòl oswa nan wikenn. 

 

SES se yon opsyon pou paran elèv klas Jadendanfan jiska klas 12yèm ane ki nan lekòl Tit I yo detèmine "ki bezwen amelyorasyon _ 1ye ane & 2yèm ane, ki bezwen pran kèk mezi pou korije sitiyasyon l oswa k ap reòganize l" epi ki kalifye pou manje midi gratis dapre règleman federal.

 

Eta Nouyòk detèmine lekòl yo bezwen amelyorasyon chak ane, kidonk lekòl ki kalifye pou SES chanje chak ane. Menm jan tou, kalifikasyon pou manje midi gratis ka chanje tou chak ane.

 

Si lekòl la ak elèv la toude kalifye, elèv la ka jwenn yon pwogram leson patikilye chak ane eskolè. Se paran ki chwazi pwogram sa a. SES se yon resous anplis pou elèv ke yo ka koòdone avèk lòt sèvis pou entèvni onivo akademik, epi avèk pwogram pou jounen lekòl pi long pou founi divès sipò.  

 

Pakèt pwogram founisè yo  genyen pèmèt paran chwazi pwogram ki pi bon pou satisfè bezwen aprantisaj patikilye pitit yo.   Paran ap gen pou pale ak fonksyonè lekòl yo pou rekòmandasyon ak konsèy. Founisè SES ke Eta a apwouve gen kontra avèk Depatman Edikasyon Department of Education (DOE), epi Eta a ak Depatman ak sipèvize yo tout tan pou fè sèten ke y ap founi alè leson patikilye k ap bay bon rezilta.

 

Koòdonatè paran, direktè/direktris, ak lòt anplwaye lekòl ka ede paran, lè yo mande yo, familyarize yo avèk pwogram SES ki disponib nan Vil Nouyòk pou yo pran desizyon yo pa p janm regrèt.    

 

Gid ak Oryantasyon

Lekòl yo ofri yon seri sèvis sipò pou bay elev konesans ak abilite pou yo vin moun k ap aprann toutbon vre ak moun k ap kontribiye nan kominote lekòl la. Konseye nan lekòl yo travay nan tèt ansanm ak tout kominote lekòl la epi yo pran angajman pou fòmasyon akademik ak emosyonèl tout elèv. Sèvis yo gen ladan yo fòmasyon akademik, pèsonèl/sosyal, ak fòmasyon pou karyè/apre etid segondè. Si w gen kesyon byen presi sou pwogram oryantasyon nan lekòl pitit ou a, kontakte direktè a, konseye pedagojik la ak /oswa koòdonatè paran an.

 

SchoolFood

 

SchoolFood se pi gwo founisè sèvis manje lekòl nan Etazini, k ap ofri elèv manje nan plis pase 1600 lokal ladan lekòl leta onivo primè, presegondè, edikasyon espesyal, segondè, charter ak kèk lekòl prive. Pami pwogram yo genyen Dejene, Manje midi, Goute Snack, Soupe, LYFE, Manje nan Samdi ak Joufèt, epi Manje pandan ete. SchoolFood bay elèv chak jou plis pase 180 000 dejene gratis, e plis pase 860 000 manje konplè chak jou.

 

SchoolFood angaje l pou l ofri yon chwa manje ki bon pou sante pami elèv nou yo, epi pou l kenbe prensip nitrisyon siperyè pandan l ap ofri chwa manje ki gen bon gou, ki bon pou sante ak ki satisfè tout moun.

 

Manyèl enfòmasyon pou paran pou ane akademik 2008/09

 

Kalifikasyon

Tout elèv kalifye pou manje nourisan e agreyab ki apwopriye ak bon mache. DEJENE GRATIS pou tout elèv epi manje midi koute 1,50 $. Si w ap resevwa èd tankou Èd leta bay fanmi ki nan bezwen pou yon bout tan Temporary Assistance to Needy Families (TANF), Food Stamps, WIC oswa tout lòt èd asistans piblik, pitit ou a ka kalifye pou manje gratis. Timoun nan kay ki nan limit Règleman federal sou revni, kalifye pou manje gratis oswa pou manje pou pi ba pri.

Aplikasyon pou manje lekòl se yon fòm moun ka eskane scan kounye a.  Se pousa yo enprime l kounye a sou yon fèy papye koulè wouj vif, men enfòmasyon yo mande w sou lakay ou yo pa chanje. Ou dwe ranpli aplikasyon an avèk yon plim nwa oswa ble fonse – epi ou pa dwe fotokopye l. Yo ankouraje moun nan kay yo pou ranpli tout enfòmasyon yo mande yo pou evite reta nan fòmalite pou evalye fòmilè yo.

Depatman Edikasyon Department of Education (DOE) mete tèt li avèk ACCESS NYC nan kòmansman ane sa a pou mete anplas premye Aplikasyon pou manje lekòl sou Entènèt. Fanmi yo ka aplike pou manje lekòl sou Entènèt pou tout timoun ki nan lekòl NYCDOE lakay yo san yo pa gen pou refè menm fòmalite a pou chak lekòl pitit yo ye. Y ap voye aplikasyon an nan yon kourye elektwonik ba processing center a, epi y ap rantre yo nan baz done lekòl la.

Prensip nitrisyon

 

Prensip nitrisyon nou yo toujou satisfè, epi anpil fwa depase règleman Administrasyon Etazini pou dwòg United States Drug Administration (USDA).  Nou diminye kantite sodyòm, grès, ak kolestewòl nan manje ki nan meni nou an, epi nou pa p itilize high fructose corn syrup ankò. SchoolFood entèdi moun itilize trans fats, bagay atifisyèl ki pou bay manje gou, bagay pou bay koulè, bagay pou sikre, lwil palmis, BHA, BHT, ak MSG. N ap ogmante tou kantite gram fib pou moun pran kòm dyèt yo nan manje n ap ofri yo.

 

 

Sante
Biwo sante nan lekòl Office of School Health (OSH) se yon pwogram Depatman Edikasyon vil Nouyòk New York City Department of Education (NYCDOE) reyalize ankolaborasyon avèk Depatman sante ak Ijyèn mantal vil Nouyòk New York City Department of Health and Mental Hygiene (NYCDOHMH). OSH ofri elèv nan DOE sèvis sante ak sèvis prevansyon.

OSH
ofri pou lekòl ak elèv, sèvis tankou :

  • Egzamen medikal ki nesesè pou elèv k ap rantre nan yon nouvo lekòl;
  • Sant sante nan lekòl;
  • Enfimyè nan lekòl;
  • Sèvis sante/akomodasyon plan 504 pou elèv ki bezwen pran medikaman pandan jounen lekòl, oswa sèvis Pwogram Edikasyon endividyèl Individualized Education Program (IEP) ;
  • Respè règleman sou vaksinasyon;
  • Pwogram sante mantal ak èd pou fanmi k ap chèche founisè sèvis sante mantal nan kominote a;
  • Teknoloji sipò pou aprantisaj;
  • Egzamen zye ak zòrèy.

Nan pifò ka, yo ofri sèvis sa yo dirèkteman nan lekòl yo. Si w gen nenpòt kesyon sou sèvis sante yo, tanpri kontakte enfimyè lekòl pa w la oswa ISC and CFN Health Director.

OSH ofri tou kèk pwogram ak sèvis jeneral, tankou health insurance for students (sit wèb sa se ann angle sèlman) nan lekòl leta nan vil la ak pwogram defibrillatè ekstèn otomatik Automated External Defibrillator (AED) oswa Teknik masaj pou resisite fonksyon kè ak poumon Cardio-Pulmonary Resuscitation (CPR) ki egzije tout lekòl leta nan vil Nouyòk pou gen omwen yon AED k ap fonksyone ak estaf volontè ki antrene pou koresponn ak sitiyasyon nan ka ijans medikal.

Arts
Se yon objektif Depatman Edikasyon vil Nouyòk pou ofri tout elèv lekòl leta yon bon kalite edikasyon nan arts. Elèv yo dwe jwenn opòtinite pou dekouvri disiplin, plezi ki pa janm fini ak mèvèy nan dans, mizik, teyat, ak arts vizyèl. Elèv yo ap konekte tou avèk òganizasyon atistik ki ekspoze ak reyalize arts, ki ofri etid avanse, epi ki kreye anpil djòb ki disponib nan endistri ki asosye ak arts nan vil Nouyòk.

 

Biwo Arts ak Pwojè espesyal Office of Arts and Special Projects (OASP) sipòte edikasyon nan arts atravè devlopman korikolòm, resous pou lidè  lekòl ak fòmasyon pou pwofesè dans, mizik, teyat ak arts vizyèl.  OASP ansanm avèk patnè li yo ki nan kominote kiltirèl la, devlope Pwojè pou ansèyman ak aprantisaj nan arts, pou klas pre-matènèl rive nan klas 12yèm ane (disponib nan lang Angle sèlman). Pwojè a prezante sa elèv yo ta dwe konnen ak sa yo ta dwe anmezi pou fè nan arts nan nivo klas referans yo. 

 

Rapò anyèl sou arts nan lekòl la pou ane 2007/08 la disponib nan lang Angle sou sit lekòl ou.  Rapò sa a vini ansanm avèk yon modèl ki tradui.  

 

Lig atlèt lekòl leta yo Public Schools Athletic League (PSAL)
Misyon PSAL se pou ofri opòtinite pou edikasyon elèv yo nan egzèsis fizik, devlopman pèsonalite ak aptitid pou viv nan sosyete a atravè yon pwogram espòtif ki ankouraje travay ekip, disiplin ak espri espòtif.

PSAL sipòte nòm akademik

  • Yon elèv dwe pase kat matyè ki bay kredi ak edikasyon fizik.
  • De nan kat matyè elèv la pase yo dwe fè pati matyè Angle, Matematik, Syans sosyal, Lang etranje oswa Syans.

CHAMPS

Nan yon ti tan ankò

 

Biwo lekòl ak fòmasyon jèn -Office of School and Youth Development (OSYD)

OSYD garanti ke lekòl leta nan vil Nouyòk yo an sekirite ak favorab pou tout elèv. Pou yo ka sipòte elèv nan devlòpman akademik ak sosyal yo epi pou yo ka ankouraje klima ak kilti lekòl pozitif, OSYD travay dirèkteman ak lekòl ansanm ak sant sèvis entegre Integrated Service Centers (ISCs), Children's First Networks, ak òganizasyon k ap sipòte lekòl School Support Organizations (SSO) pou tabli ak aplike regleman ak metòd konsistan, entegre ki abouti a yon metòd koòdone pou sèvis sipò elèv ak sekirite nan lekòl.

 

OSYD sipòte inisyativ ak pwogram sa yo:

Sèvis pou prezans, sèvis oryantasyon, izaj ak prevansyon dwòg elèv ki nan lojman tanporè, prevansyon kont abi sou timoun , entèvansyon lè gen dezas, disiplin, chitapale pou ranvwa elèv, Sant aprantisaj altenè Alternate Learning Centers(ALC), Respè pou tout inisyativ the Respect for All initiative, planifikasyon pou ka ijans, planifikasyon pou sekirite nan lekòl ak resous pou fòmasyon jèn.

 

Transpò elèv

Nan yon ti tan ankò



Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.