Parent Academy

Akademi Paran Vil Nouyòk

Akademi Paran Vil Nouyòk NYC Parent Academy, yon pwogram Vil la an kolaborasyon avèk Long Island University, pran angajman pou kreye ak amelyore kolaborasyon pami kominote lekòl yo lè li ranfòse patisipasyon paran pou ede reyisit elèv.

 

Akademi Paran an ofri Atelyetravay onivo Borough yo pou ede paran vin gen plis enfòmasyon epi patisipe kòm patnè nan vi edikasyon pitit yo, epi li founi Trening nan lekòl yo ki ofri kominote lekòl la resous pou sipòte patisipasyon paran.

 

Atelyetravay onivo Borough yo:

Yo ofri twa atelyetravay ki mache dapre Nòm Afilyasyon DOE nan chak borough, gid ki bay lekòl yo ak fanmi yo eksplikasyon klè, epi ofri ide presi pou travay ansanm avèk efikasite pou ede elèv prepare pou kolèj ak karyè.

 

SIJÈ ATELYETRAVAY YO

Ankouraje kominikasyon

(Nòm kolaborasyon 1)

Lekòl ak fanmi ap antre nan yon echanj enfòmasyon lib osijè pwogrè elèv, objektif tout lekòl la ak aktivite sipò.

Materyèl:

-PowerPoint Entwodiksyon

-Fòm EZ Access

 

Pran tout avantaj posib nan Konferans Pwofesè-Paran

Yo bay estrateji pou prepare ak kominike avèk siksè nan konferans paran-pwofesè. Yo itilize egzèsis pou ede patisipan konprann pwendvi ni fanmi ni pwofesyonèl. Yo bay patisipan yon “Kaye Konferans” pou ede yo prepare pou konferans pitit yo a ak pou yo pran nòt.

Ankouraje patisipasyon paran

(Nòm kolaborasyon 2)

Paran gen divès wòl enpòtan nan kominote lekòl la ak nan reyalizasyon pitit yo.

Materyèl:

-PowerPoint Entwodiksyon

-Fich Ogmante Patisipasyon Fanmi

Konprann edikasyon espesyal epi sipòte kapasite pitit ou pou l aprann

Aprann estrateji pou suiv devwamezon ak lòt objektif edikasyon lakay ou avèk pitit ou. Yo mande patisipan yo pou anvizaje lavni an pou pitit yo ak ki chemen yo ta dwe suiv pou yo ka fè lavni sa a vin yon reyalite.

Kreyasyon lekòl akeyan

(Nòm kolaborasyon 3)

Kreye lekòl ki akeyan, ki gen yon atmosfè pozitif avèk angajman tout kominote lekòl la ann antye.

Materyèl:

-PowerPoint Entwodiksyon

- Parent Center Tip Sheet

Konprann Nòm Aprantisaj Debaz Inivèsèl yo, egzamen leta ak repons nan entèvansyon

Jwenn plis enfòmasyon sou Nòm Aprantisaj Debaz Inivèsèl yo ke elèv ap aprann lekòl, ansanm avèk egzamen leta yo ki mezire pèfòmans elèv, kòman pou yo entèprete enfòmasyon sa a, ak entèvansyon akademik pou ede elèv.

Kolaborasyon pou siksè elèv

(Nòm kolaborasyon 4)

Lekòl fè fanmi patisipe nan elaborasyon gwo atant pou elèv epi kolabore aktivman avèk paran pou prepare elèv pou nivo aprè a. Material:

-PowerPoint Entwodiksyon

-Aktivite Transfòme Patisipasyon Fanmi

-Kesyonè Patisipasyon Paran-Aprantisaj Elèv

-Kesyonè Paran kòm Patnè Egal

Idantifye resous ak òganizasyon lokal pou sipòte aprantisaj pitit ou a ak bezwen pou l devlope

Jwenn plis enfòmasyon sou sèvis òganizasyon lokal founi pou ede pitit ou. Òganizasyon yo pral pale sou yo a se òganizasyon ki espesifik pou chak borough.

Kolaborasyon efikas

(Nòm kolaborasyon 5)

Kominote lekòl yo travay ansanm pou pran desizyon sou fòmasyon akademik ak pèsonèl elèv atravè objektif lekòl la nan tout nivo. Lekòl favorize kolaborasyon avèk òganizasyon kominotè pou kreye yon anviwònman dinamik anrichisan pou elèv ak fanmi yo.

 

 

 

Atelyetravay ki gen pou fèt onivo Borough yo:

Download feyè pou atelyetravay sa a:

13 me

Manhattan

 

 


Trening nan lekòl yo:

Prezantasyon ak lòt resous disponib pou ekip ki nan lekòl yo pou ranfòse leson yo aprann lan pandan atelye fòmasyon pwofesyonèl yo. Materyèl yo adapte pou ankouraje ekip pou prezante atelyetravay la pou kominote lekòl yo nan yon pi gwo dimansyon. Akademi Paran an ap ede mete senk Nòm Kolaborasyon yo ann aplikasyon pou lekòl ak fanmi atravè plis pase 140 lekòl pandan 2012-2013 la.

 

Jwenn plis enfòmasyon

Telefone 718-780-6534 oswa imèl info@nycparentacademy.org.