Misyon Biwo Responsablite se pou amelyore rezilta akademik pou tout elèv ki nan lekòl leta vil Nouyòk. Nou reyalize sa lè nou pèmèt direktè lekòl yo, pwofesè yo, paran yo ak elèv yo itilize zouti evalyasyon ak sipò, done, ak rechèch pou akselere aprantisaj la.
Egzamen chak ane
Biwo Responsablite koòwòdone egzamen chak ane nan lekòl vil la tankou egzamen Leta Nouyòk ak egzamen Regents, egzamen admisyon nan lekòl segondè, evalyasyon akselere pou elèv klas uityèm ane, ak egzamen preliminè sou aptitid akademik Preliminary Scholastic Aptitude Test (PSAT) pou elèv ki enterese aplike nan kolèj.
Elèv lekòl primè ak elèv lekòl pre-segondè ki nan vil Nouyòk pran egzamen Leta chak ane. Egzamen sa yo ede detèmine si yo satisfè nòm Leta yo. Pami egzamen sa yo, genyen :
- Lang e literati angle English Language Arts (ELA). Elèv ki nan klas 3yèm ane rive nan klas 8yèm ane pran egzamen sa a chak ivè.
- Matematik. Elèv ki nan klas 3yèm ane rive nan klas 8yèm ane pran egzamen sa a nan fen ivè ak nan kòmansman prentan.
- Syans sosyal. Elèv ki nan klas 5yèm ane pran egzamen sa a an otòn; elèv ki nan klas 8yèm ane pran egzamen an nan prentan.
- Syans. Elèv ki nan klas 4yèm ane ak klas 8yèm ane pran egzamen sa a nan prentan.
Pou elèv lekòl segondè yo gradye, yo gen obligasyon pou pase senk egzamen Regents : Angle, Matematik, Syans, Istwa monn lan Global History, ak Istwa Lèzetazini ak Gouvènman amekiken. Klike la a pou konnen plis enfòmasyon sou kondisyon pou elèv yo gradye nan lekòl segondè.
Anplis egzamen Leta sa yo, vil la bay kèk kalite egzamen pou vil la pou elèv yo :
- PSAT/NMSQT. Apati 2006, nou te kòmanse yon inisyativ pou ede prepare elèv yo pou admisyon yo nan kolèj. Kounye a, tout elèv ki nan klas 10yèm ak 11yèm ane kapab pran egzamen PSAT gratis an otòn.
- Egzamen admisyon nan lekòl segondè Specialized High School Admissions Tests (SHSAT). Elèv 8yèm ane oswa 9yèm ane ki vle enskri nan yon lekòl segondè espesyalize kapab patisipe nan yon egzamen a chwa miltip kwonometre an otòn pou detèmine konpetans elèv yo nan kapasite pou pale ak nan matematik.
- Evalyasyon entansif vil Nouyòk. Elèv ki nan klas 8yèm ane ki nan kou istwa monn, boza oswa mizik entansif kapab pran yon egzamen kwonometre nan prentan pou yo kapab vin genyen kredi oswa plasman nan kou avanse nan lekòl segondè.
Evalyasyon chak peryòd.
Y ap fè “Evalyasyon chak Peryòd” pou elèv yo pandan tout ane akademik lan pou bay pwofesè yo plis enfòmasyon sou sa elèv yo aprann. Pwofesè yo itilize evalyasyon sa yo– ansanm avèk travo pratikl ak sa yo obsève nan klas la- pou konnen kote elèv yo bezwen plis èd epitou pou fè plan pou ansèyman byen presi. DOE pa itilize rezilta Evalyasyon chak peryòd pou bay nòt pou timoun yo oswa pou lekòl yo.
DOE ofri plizyè chwa evalyasyon pou Angle ak matematik nan tout klas ; lekòl yo chwazi konbinezon Evalyasyon chak peryòd ki satisfè bezwen yo, oswa yo fè pwòp modèl yo.
Fason Evalyasyon chak peryòd la ede lekòl yo :
1. Li bay lekòl yo dènye enfòmasyon sou sa chak elèv konnen ak sa yo kapab fè pou pwofesè yo kapab sible ansèyman pou satisfè bezwen akademik chak timoun.
2. Li prevwa pèfòmans elèv yo nan Egzamen Leta Nouyòk pou pwofesè yo kapab ede chak elèv satisfè oswa depase Nòm Aprantisaj Leta yo.
3. Mezire aprantisaj elèv yo nan yon klas epi de klas an klas pou ede lekòl yo kenbe elèv yo sou chemen pou yo gen siksè nan lekòl segondè ak pi lwen.
Kouman Fanmi yo kapab konnen plis sou Evalyasyon chak peryòd yo :
Nou ankouraje lekòl yo pou yo pataje rezilta evalyasyon chak peryòd yo ak fanmi yo. Anpil elèv ap resevwa tou yon non itilizatè username ak yon modpas password pou yo kapab louvri sesyon nan sit wèb Acuity (Akwite) epitou pou yo wè rezilta evalyasyon chak peryòd yo sou Entènèt.
Fanmi yo kapab kontakte pwofesè pitit yo oswa Koòdonatè paran lekòl la pou konnen plis enfòmasyon ki disponib nan lekòl yo.
Rapò sou Pwogrè Progress report
Rapò sou pwogrè yo ap bay yon nòt A, B, C, D, oswa F pou chak lekòl. Rapò sa yo ede paran yo, pwofesè yo, direktè lekòl yo ak lòt moun konprann fason lekòl yo ap travay—epitou konpare yo avèk lòt lekòl ki sanble avèk yo. Pifò lekòl yo te resevwa Rapò sou pwogrè esè yo pou ane akademik 2005/06 nan prentan 2007 la. Y ap kòmanse ak Rapò sou pwogrè pou lekòl prematènèl ak Edikasyon espesyal yo pandan ane akademik 2007/08 la.
Lekòl ki resevwa nòt A ak B pou Rapò sou pwogrè yo ap kalifye pou resevwa rekonpans. Depatman Edikasyon ap travay avèk lekòl ki resevwa nòt fèb pou ede yo amelyore. Lekòl ki resevwa nòt fèb yo ap sibi konsekans pou sa, tankou chanje moun ki antèt yo oswa fèmen yo. Sa a se yon pati enpòtan nan travay nou pou fè lekòl pitit ou yo pran responsablite pou satisfè nòm elve nou tout ap tann pou yo reyalize yo.
Nòt lekòl yo baze sou twa eleman :
· Anviwònman lekòl la (15 % nòt la), avèk tou prezans ak rezilta ankèt bòkote paran yo, elèv yo, ak pwofesè yo.
· Pèfòmans elèv yo (30 % nòt la) jan jan nòt nòt elèv lekòl primè ak elèv lekòl pre-segondè yo mezire l chak ane pou egzamen Leta Nouyòk nan ELA, angle ak nan Matematik. Pou lekòl segondè yo mezire pèfòmans elèv dapre pousantaj elèv ki resevwa diplòm ak pousantaj elèv ki gradye.
· Pwogrè elèv yo (55 % nòt la), yo mezire l dapre kantite lekòl ki ede elèv yo fè pwogrè pandan ane akademik lan nan matyè tankou lekti, ekriti, matematik, syans, ak istwa. Nòt pou pwogrè lekòl yo ogmante tou lè yo ede elèv k ap aprann lang Angle, elèv ki nan edikasyon espesyal, epitou lè yo ede elèv ki pa genyen bon pèfòmans nan kòmansman ane a vin amelyore.
Nou konpare rezilta yon lekòl nan chak matyè avèk rezilta tout lekòl ki genyen menm klas yo toupatou nan vil la. Nou konpare rezilta yo tou avèk yon gwoup 40 lekòl ki sanble peer group. Fanmi yo kapab itilize Rapò sou pwogrè a pou idantifye matyè kote lekòl yo gen bon pèfòmans epi pou idantifye matyè kote lekòl yo gen pi bon pèfòmans.
Pou chèche Rapò sou pwogrè lekòl ou a nan lang Angle, klike la a. Pou jwenn ekzanp nan lòt lang tanpri klike sou koneksyon ou bezwen an : Lekòl primè/Lekòl presegondè, oubyen Lekòl segondè.
Sondaj yo Learning Environment Surveys
Remèsiman pou tout paran, elèv, ak pwofesè ki te reponn kesyonè Sondaj 2009 sou Anviwònman Aprantisaj la epi ki te fè efò ane a vin yon siksè. Ou te fè tande vwa w epi kòm rezilta, w ap ede amelyore lekòl ou yo.
Klike la pou jwenn rapò Sondaj lekòl ou a nan lang Angle, epi klike la a pou jwenn yon modèl tradui pou ede ou swiv li nan lang ou.
Evalyasyon Kalite Quality Reviews
Evalyasyon kalite a evalye fason yon lekòl òganize pou amelyore siksè chak elèv. Se edikatè ki genyen eksperyans ki fè evalyasyon yo epitou yo baze sou evalyasyon an kolaborasyon lekòl yo fè pou pwòp tèt yo ak konvèvasyon yo fè avèk direktè lekòl la, pwofesè yo, manm pèsonèl la, elèv yo ak paran yo. Evalyatè yo ap evalye rezilta pèfòmans elèv yo epi yo pale sou sa avèk direktè yo, pwofesè yo, elèv yo ak paran yo pou chèche konnen kouman lekòl yo itilize enfòmasyon sou rezilta yo pou gide ansèyman ak aprantisaj la epi pou etabli objektif pou amelyorasyon.
Evalyasyon an ap gen ladan obsèvasyon ansèyman nan salklas, itilizasyon done, planifikasyon, pwogram, konsepsyon ak aplikasyon, epi kominikasyon an kolaborasyon pami pwofesyonèl lekòl la konsènan amelyorasyon akademik. Yo fè etid ka elèv ki fè pwogrè egzanplè ak elèv ki pa fè pwogrè ditou. Objektif Evalyasyon Kalite se pou asire lekòl yo itilize enfòmasyon yo pou ede akselere aprantisaj chak elèv nan chak jou ane akademik lan.
Chak lekòl ap resevwa yon rapò Evalyasyon Kalite ki fè remak ba kominote eskolè a. Rapò a genyen ladan yon nòt jeneral pou Kalite a, epi yo mete nòt sa a nan Rapò sou Pwogrè lekòl yo.
Ou kapab mande koòdonatè paran lekòl la yon kopi rapò Evalyasyon Kalite lekòl ou oswa ou kapab jwenn li nan lang Angle sou paj wèb lekòl ou a. (Ale sou Find a School epi antre non lekòl la. Sa ap mennen ou nan Paj-dakèy lekòl la. Klike sou “Statistics,” ki se yon lyen link agòch ekran an, kote ou kapab jwenn divès kalite enfòmasyon sou responsablite pou chak lekòl.)
Sistèm rapò sou sikè ak Inovasyon Achievement Reporting and Innovation System (ARIS)
ARIS se yon kalite sistèm jesyon done entegre ki pa t egziste anvan ki baze nan sit wèb k ap ranmase ak analize enfòmasyon sou pèfòmans akademik elèv yo pou ede edikatè ak paran pran desizyon k ap amelyore pwogrè akademik elèv ak lekòl vil Nouyòk.
Ouvri Sesyon Link ARIS pou Paran
Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.