Haitian Creole

Aktivite edikatif pou fè lakay

Chè Paran ak Elèv


N ap travèse moman difisil ki pa nòmal kounye a avèk kèk lekòl ki oblije fèmen pou yon semèn. Nou rekonèt yon entèripsyon nan lekòl nan moman sa a kapab poze anpil difikilte pou elèv ak paran. Byenke lekòl fèmen, nou sigjere elèv itilize tan sa a pou kontinye aprann ak etidye pou konprann pi byen sa yo te deja aprann.

Pou ede elèv rete sou wout siksè, Depatman Edikasyon Vil Nouyòk DOE devlope aktivite enstriksyon Learn at Home pou elèv klas matènèl rive klas 12yèm ane. Nou mete ladan resous pou ede aprantisaj tout elèv pami yo moun k ap aprann lang angle. Pandan li pa obligatwa, nou ankouraje elèv pou yo itilize resous sa yo ak pou yo gen materyèl pou yo aprann.

Aktivite Learn at Home yo gen ladan

  • Orè yo sigjere pou chak jou
  • Aktivite ansèyman
  • Pwogram televizyon ak sit wèb yo rekòmande pou yon semèn aprantisaj lakay san rete.

 

Pandan kriz sa a, n ap travay tou ann asosyasyon avèk Avental Learning, Achieve 3000, ak Riverdeep pou bay elèv aksè divès kou sou entènèt. Resous sou entènèt sa yo ap pèmèt elèv kontinye etidye matyè debaz yo pou kontinye aprann lakay yo. Kou yo ap disponib 24/7 pou tout dire lekòl yo fèmen an.

 

Si w pa kapab gen aksè aktivite sa yo atravè wèb la oubyen si w ta prefere yon kopi aktivite sa yo, klike la a pou jwenn yon lis lokal kote ou kapab pase chèche yon kopi sou papye.

 

Pou chak klas, w ap jwenn yon entwodiksyon nan lang ou, ak anpil aktivite pou pitit ou. Gen tou anpil sit wèb edikasyon oumenm avèk pitit ou kapab eksplore pou jwenn plis ide.




Aktivite edikatif pou fè lakay 

Aktivite edikatif pou fè lakay: Jadendanfan
Sit wèb edikatif

Aktivite edikatif pou fè lakay: 1ye ane
Sit wèb edikatif

Aktivite edikatif pou fè lakay: 2yèm ane
Sit wèb edikatif

Aktivite edikatif pou fè lakay: 3yèm ane
Sit wèb edikatif

Aktivite edikatif pou fè lakay: 4yèm ane
Sit wèb edikatif

Aktivite edikatif pou fè lakay: 5yèm ane
Sit wèb edikatif

Aktivite edikatif pou fè lakay: 6yèm ane
Sit wèb edikatif

Aktivite edikatif pou fè lakay: 7yèm ane
Sit wèb edikatif

Aktivite edikatif pou fè lakay: 8yèm ane
Sit wèb edikatif

Aktivite edikatif pou fè lakay: 9yèm-12yèm ane


Aprann sou Entènèt avèk


     

Aventa Learning
 (Klas 6yèm ane-12yèm ane, angle sèlman)

Aventa Learning ofri kou sou entènèt pou elèv lekòl presegondè ak elèv lekòl segondè. Yo fè aksè nan kou matyè debaz yo disponib pou tout elèv 6yèm ane rive 12yèm ane lekòl Vil Nouyòk pou ede elèv ki gen lekòl yo fèmen.

Enstriksyon sou kòman pou ale nan Aventa Online


    

Achieve 3000 Online Learning Program
(Klas 2yèm ane-12yèm ane, angle ak panyòl)

Achieve3000 KidBiz (pou klas 2yèm ane-5yèm ane) ak TeenBiz (pou klas 6yèm ane-12yèm ane) se pwogram literacy sou entènèt ki pèmèt ou pratike li,ekri ak vokabilè atravè aktivite sou entènèt ki enteresan anpil.


Enstriksyon sou kòman pou ale nan Achieve 3000


   

Destination Math
(Klas matènèl-12yèm ane, angle ak panyòl) 

Destination Math se yon pwogram matematik sou entènèt ki pèmèt ou pratike matematik atravè pwoblèm reyèl ki deyò a epi itilize animasyon konpitè nan aktivite sou entènèt ki enteresan anpil

Pou ouvri yon sesyon, ale nan  http://destination.nycenet.edu

    • Non itilizatè: studentnyc
    • Password: student