Haitian Creole

Si paj la pa byen parèt, tanpri klike la a

Lekòl leta vil Nouyòk ap sèvi anviwon 1.1 milyon timoun ak fanmi yo. Objektif nou se pou n ba paran yo enfòmasyon ak aksè yo bezwen pou yo jwenn enfòmasyon epi angaje yo nan edikasyon pitit yo. Se yon bagay ki enpòtan anpil paske nou konnen lè fanmi enfòme ak lè yo patisipe, timoun yo travay pi byen lekòl.

Biwo pou Angajman ak Defans Dwa Fanmi Office for Family Engagement and Advocacy (OFEA) Depatman Edikasyon Department of Education (DOE)an gen nan tèt li Fonksyonè anchèf pou angajman fanmi anr. Responsablite prensipal Dirijan anchèf sa a se pou l tande paran yo epi ede yo jwenn enfòmasyon ki ka pèmèt yo vin jwe yon wòl aktif nan edikasyon pitit yo. Nan nivo lokal, gen yon Defansè dwa fanmi distri a District Family Advocate (DFA) ki nan chak biwo distri pou paran ka jwenn repons pou kesyon yo san yo pa bezwen al byen lwen.

Sit wèb sa a la pou l ede fanmi jwenn repons sou kesyon anpil moun poze. Nan kèk seksyon, nou bay yon rezime sou enfòmasyon ki disponib.Nou ka jwenn plis enfòmasyon an detay nan vèsyon angle chak sit; kote w ap jwenn yon link anba chak paj. Nou konseye w tou pou gade Gid Fanmi pou ane sa a.

Chwa ak Enskripsyon

Elèv ki fèk ap antre nan sistèm lekòl leta vil  Nouyòk la kapab enskri pou nivo lekòl yo bezwen nan:
·         Prematènèl
·         Lekòl Primè
·         Lekòl Presegondè
·         Lekòl Segondè

Vil Nouyòk ofri divès pwwogram espesyal pou elèv, ladan yo gen : edikasyon espesyal, pwogram pou moun k ap aprann lang Anglè English language learners (ELL), pwogram pou timoun douwe Gifted and Talented (G&T), Lekòl endepandan Leta apwouve charter schools, nouvo ti lekòl, aprantisaj an ti kominote, edikasyon teknik e pwofesyonèl, epi lòt chwa pou elèv ki anreta nan lekòl. 
·         Pwogram Espesyal

Akademik

Ede elèv aprann se premye objektif lekòl leta vil Nouyòk. Nou devwe pou n bay elèv yo yon edikasyon solid pou yo ka ale nan inivèsite, jwenn bon djòb epi mennen yon vi pwodiktif ki gen siksè.
·      Nòm ak Kourikoulòm akademik
·         Pwogram pou ELL
·         Modèl Kanè
·         Gid aprantisaj pou Great Expectation
·         Aktivite edikatif pou fè lakay


Pèfòmans ak Responsablite Elèv

Elèv yo dwe pran divès egzamen pou vil la ak egzamen leta  chak ane nan tout nivo. DOE itilize  tou yon pakèt zouti pou mezire pèfòmans elèv ak lekòl yo anmenmtan.
·         Egzamen Elèv pran chak ane ak Responsablite Lekòl

Prensip ak regleman

·    Lwa Chanselye yo

·    Kòd Disiplin 
·    
NCLB 

·    Deklarasyon sou Dwa Paran  
·     Deklarasyon sou Dwa Elèv
  
·    Regleman sou pwomosyon  
·    Kondisyon pou gradyasyon 



 

Sèvis Sipò

Lekòl leta nan vil Nouyòk ofri sèvis sipò tankou : oryantasyon, lasante nan lekòl , leson patikilye, sèvis bibliyotèk ak teknoloji  pou ansèyman.
·         Sipò pou Elèv, Sekirite ak Aktivite


Aprann plis sou refòm Timoun Dabò Children First Majistra a ak Chanselye a mete sou pye

 

 

 

 

Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.


Konsènan sit wèb sa a