Se pa yon sekrè ke lè fanmi patisipe nan edikasyon pitit yo, lekòl ak elèv benefisye. Paran vil Nouyòk gen opòtinite pou yo vin yon lidè nan lekòl la, distri a, ak onivo tout vil la.
Asosyasyon Paran ak Asosyasyon Paran - Pwofesè
Asosyasyon Paran Parent Associations (PA) se mwayen prensipal pou paran angaje yo nan lekòl pitit yo. PA se òganizasyon ki gen baz yo nan lekòl la epi ki ouvri pou tout paran, paran ki gen timoun leta mete sou responsablite yo Foster Parents ak gadò legal timoun ki nan yon lekòl leta vil Nouyòk kounye a. Si yon PA deside mete pwofesè ladan, paran manm yo kapab fè eleksyon pou yo tounen Asosyasyon Paran ak Pwofesè Parent-Teacher Association (PTA).
Chak PA/PTA ta sipoze gen reprezantan paran tout lekòl la ladan. Tankou: Paran elèv edikasyon espesyal ak paran elèv k ap aprann angle(ELL), menmjan ak paran elèv ki kalifye pou Tit I, paran elèv ki douwe ki gen talan Gifted and Talented (G&T), avèk paran elèv ki nan pwogram magnet. Anpil lekòl bay sèvis entèpretasyon nan reyinyon PA/PTA pou paran ki pa pale angle kapab patisipe.
PA/PTA ede paran patisipe nan edikasyon pitit yo, pataje lide, epi pote plis resous nan kominote lekòl yo. Pandan wòl espesifik PA/PTAs varye, pami responsablite PA/PTA yo genyen yo fè eleksyon pou eli paran manm k ap fè pati divès SLT ak CEC yo, fè kanpay motivasyon pou fè plis paran patisipe nan lavi lekòl la, epi pou sipòte aktivite tankou Konferans Paran - Pwofesè yo, vizit lib open house, aktivite sware kourikoulòm ak Jounen fanmi Distri a. Chak PA devlope pwòp règleman yo, yo eli manm konsèy la epi yo fè reyinyon regilyèman.
Tout paran se manm PA/PTA lekòl yo otomatikman. Tout règleman PA/PTA dwe obeyi Regleman A-660 Chanselye a. Pou plis enfòmasyon espesifik sou fason pou patisipe, mande direktè lekòl ou a.
Konsèy Paran ak Komite Paran Tit I
Tit I se pi gwo pwogram èd federal pou lekòl primè, presegondè ak segondè. Lekòl k ap resevwa lajan Tit I dwe genyen yon Konsèy oubyen yon Komite konsiltatif pou paran(PAC) ki reprezante paran elèv k ap patisipe nan pwogram Tit I yo. Nan vil Nouyòk, anviwon 70% lekòl yo kalifye pou resevwa lajan Tit I. Nan lekòl kote PA oubyen PTA chwazi pou reprezante enterè paran Tit I yo, Prezidan PA/PTA dwe kontakte regilyèman paran Tit I yo epi pran tout dispozisyon pou mete Tit I nan agenda chak reyinyon.
Bi PAC Tit I yo se pou asire ke paran Tit I patisipe nan lavi lekòl la, epi sipòte afilyasyon aktif yo avèk lòt manm komonote lekòl la. Lekòl yo oblije fè reyinyon regilyèman nan yon tan ki bon pou paran, ladan yo, yon reyinyon anyèl pou bay enfòmasyon sou pwogram ki finance ak lajan Tit I epi pou diskite, pataje lòt sijè ki gen rapò ak Tit I
Komite dirijan Lekòl (SLT)
SLT yo se òganizasyon ki baze nan lekòl yo ki genyen yon kantite egal paran ak anplwaye. Yo rankontre omwen yon fwa pa mwa epi ekip la oblije gen ladan: direktè lekòl la, prezidan PA/PTA (oubyen yon co-prezidan yo chwazi), UFT chapter leader a, avèk yon kantite egal paran ak anplwaye. SLT nan lekòl segondè yo dwe gen ladan omwen de elèv. SLT yo kapab fè eleksyon pou mete pami yo yon reprezantan òganizasyon kominotè.
Responsablite prensipal chak SLT se pou devlope Plan Global Edikasyon pou ekòl la Comprehensive Educational Plan (CEP) lekòl la selon bidjè lekòl la. SLT yo ede evalye tou efikasite pwogram edikasyon lekòl la ak ki enpak li genyen sou siksè elèv yo. SLT yo resevwa sipò ak konsèy nan men Komite dirijan distri a lè yo bezwen sa. Se PA/PTA lekòl la ki nonmen paran ki manm SLT yo.
SLT yo dwe respekte Regleman A-655 Chanselye.
Konsèy Prezidan onivo Distri a
Prezidan chak (PA/PTA) chak lekòl primè ak lekòl presegondè nan distri lekòl yon kominote se manm Konsèy Prezidan Distri a. Prezidan PA/PTA lekòl segondè yo se manm Konsèy Prezidan onivo tout Minisipalite a.
Konsèy prezidan yo travay pou idanntifye priyorite tout distri a, epi pou bay PA/PTA yo sipò. Defansè dwa fanmi distri ale nan chak reyinyon Konsèy prezidan yo kote lie de etabli yon liy kominikasyon ouvè ant lidèchip paran ak Depatman Edikasyon.
Konsey prezidan yo dwe respekte Regleman A-660 Chanselye a ki anvigè.
Komite lidèchip Distri District Leadership Teams (DLT)
Wòl prensipal DLT yo se pou mete soupye ak revize Plan Global Edikasyon Distri a Comprehensive Educational Plan(CEP) ki gen ladan objektif anyèl ak objectif ki nan menm liy avèk bi distri a ak bi tout vil la. DLT yo fè tou yon Revizyon de fwa pa ane Biennial Review pou mezire efikasite pwogram akademik yo, epi yo bay SLT yo sipò, konsèy, asistans teknik, ak nan rezoud konfli nan SLT yo nan distri pa yo
DLT a oblije gen manm sa yo ladan: Superintendent kominote a, Superintendent lekòl segondè yo, yon reprezantan konsèy administratè ak sipèvizè Council of Supervisors and Administrators (CSA), yon reprezantan Federasyon pwofesè reyini United Federation of Teachers (UFT) , yon reprezantan konsèy distri 37, prezidan konsèy prezidan distri yo, prezidan konsèy prezidan lekòl segondè minisipalite a, ansanm avèk moun ki nan tèt konsèy konsiltatif paran Tit I distri a. DLT yo kapab genyen tou reprezantan òganizasyon kominotè ak prezidan Konsèy pou edikasyon kominote distri a.
Chak gwoup lidèchip chwazi pwòp reprezantan DLT li . DLT yo dwe respekte Regleman
A-655 Chanselye a.
Konsèy Edikasyon pou Kominote ak vil la
Gen 32 Konsèy Edikasyon Kominotè Community Education Councils (CECs) nan vil Nouyòk. Chak CEC reprezante yon distri lekòl kominotè ki gen ladan lekòl primè ,lekòl entèmedyè ak lekòl presegondè leta. Yon konsèy Edikasyon pou tout vil la reprezante enterè fanmi lekòl segondè yo. Yon lòt reprezante fanmi edikasyon espesyal. Se PA oubyen PTA nan distri lekòl nan divès distri yo ki chwazi manm konsèy la pou yon tèm de zan. CEC yo fè reyinyon piblik chak mwa epi yo kontribye pou yo mete soupye regleman sou edikasyon nan distri pa yo. Responsablite yo se pou yo apwouve fwontyè ki delimite lekòl yo dapre sektè a, fè seyans piblik sou Plan Kapital la Capital Plan, evalye sipèentandan kominote yo epi bay opinyon yo sou lòt pwoblèm regleman ki enpòtan
Konsèy Konsiltatif Paran Chanselye a (CPAC)
CPAC gen ladan prezidan chak konsèy prezidan distri oubyen moun yo chwazi pou reprezante yo. CPAC kontakte Konsèy Prezidan Distri yo pou idantifye pwoblèm, tandans ak pwoblèm sou regleman yo, epi li reyini chak mwa avèk Chanselye a pou diskite sou regleman DOE.
Pou wè vèsyon Anglè paj sa a, kote w ka jwenn plis enfòmasyon, tanpri klike la a.